Bondye pa bezwen moun ede l

Pèsonn pa bezwen ede Bondye pini moun. Bondye pa bezwen bwa fizi pèsonn pou ede l fè jistis ni mete lòd nan dezòd. Bondye granmoun, la degaje l pou kò l. Nou pa bezwen ede l touye, ede l jije, ede l kondane, ede l kale moun, maspinen moun. Bondye di w non mèsi.

Yon lè m tap tande yon blag Pastè Blaze kote misye tap di Bondye twò lan pou l fè jistis, li pran twòp tan pou l aji, donk li pran devan. Gen yon seri de moun ki gen mantalite sa a, yo toujou bezwen pran devan Bondye lè yo kwè li twò long pou l aji.

Genyen ki pran zam pou touye moun nan non Letènèl. Nan relijyon mizilman an, yo fè teworis yo kwè si yo touye anpil “enfidèl” (tout moun ki pa mizilman), yo pral nan paradi kote yo pral pase letènite ap taye 70 vyèj. Se yon gwo manti, se jwe yap jwe sou fwistrasyon seksyèl moun sa yo pou fè yo al fè krim. Men alabaz, se kwè yo kwè se ede yap ede Bondye jije lezòm pou voksal yap fè sou latè.

Anpil kretyen entegris gen mantalite teworis mizilman yo, se je wont je ki fè yo pa pran fizi al masakre moun yo panse ki fè twòp bagay sal nan je Bondye. Yomenm tou panse yo dwe ede Bondye mete lòd nan dezòd. Bondye pa bezwen w ede nan sans sa a. Bondye bezwen w ede l renmen moun, fè moun dibyen, montre yo konpasyon, bonkè ak charite. Li pa bezwen w tounen yon sòlda pou ap mache touye moun tandiske oumenm wap fè menm bagay ak yo.

Si w bat kò w, Bondye ka avili w mete ti zafè w deyò. Lè sa a wa kite legliz pou wal fè plis voksal pase moun ou tap pale mal yo. Lapè avè w.

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: