Joe Biden, 46e Prezidan Etazini

4 jou apre eleksyon prezidansyèl Etazini ki te fèt 3 novanm 2020 an, pèp Ameriken an ak lemonn antye te resi konn non 46e prezidan Etazini an, Joe Biden. Kandida demokrat la genyen eleksyon an ak plis pase 75 milyon vwa (vòt popilè) et 290 vòt Kolèj Elektoral la. Se prezidan ki fè plis vwa depi yap fè eleksyon nan peyi Etazini.

Joe Biden bat prezidan sòtan Donald Trump nan yon eleksyon prezidansyèl manchlong ki te mete lemonn antye sou tansyon. Plizyè moun, sitou jounalis ak analis politik, te pase konbyen nuit san dòmi nan tann rezilta yon eleksyon tèt chaje ki definitivman make listwa.

Anjeneral, lè eleksyon fèt Etazini, moun konn rezilta yo menm sware 3 novannm nan, men pou eleksyon prezidan 2020 an, farin nan pat vin nan menm sak. Se 4 jou apre vòt la, samdi 7 novanm, moun te resi konnen se Joe Biden ki te ranpòte lamayòl. Lè yo te resi bay rezilta eleksyon sa a, se te gwo soulajman pou plizyè milyon patizan Biden yo; anpil kote Etazini moun tap fete, sitou nan zòn tankou Nouyòk, Kalifòni, Filadèlfi, Wachintonn elatriye. Anpil moun tap danse nan lari. Nan Nouyòk ak Little Haiti (Mayami), Ayisyen te mete bann rara deyò. Yo tap chante : « O Biden, se oumenm nou tap chache ».

Nouvo prezidan Biden ak vis-prezidan Kamala Harris (premye fanm nwa vis-prezidan Etazini)

Si rezilta elekson yo met lajwa nan kè patizan demokrat yo, li lage anpil lapenn nan mitan fanatik Donald Trump yo. Kandida repibliken an pat kontan ditou. Pandan nap ekri atik sa a, Trump poko janm rele prezidan Biden pou l felisite l. Okontrè prezidan sòtan an pete koken, li di se limenm ki pote laviktwa. Depi nan sware elektoral la, Trump te deklare l genyen san l pat menm tann yo fin konte tout vòt yo. Kontrèman ak eleksyon ki te fèt avan yo, yo pat rive konte tout bilten yo imedyatman paske anpil moun te vote pa lapòs akoz kowonaviris. Sa tapral pran plizyè jou pou fin konte tout vòt sa yo.

Rezon ki fe Trump te kouri deklare se li ki genyen eleksyon yo, men li : Nan sware 3 novannm nan, te sanble se Trump ki tap genyen vre paske li te devan plizyè kote. Gen kèk gwo Eta tankou Florida ki te gentan tonbe nan sak pay li. Gen lòt Eta ki sanble tapral vin tou wouj tou (koulè pati repibliken an). Men nan jounen 4 novann, plizyè Eta kote Trump tap mennen te vire pou Biden. Poukisa ? Paske yo te kòmanse konte bilten yo te resevwa pa lapòs yo e pifò vòt sa yo se te pou kandida demokrat la. Biden te ankouraje patizan l vote bonè pa lapòs tandiske Trump te di  moun pa l yo se jou eleksyon an menm pou yal vote dirèk dirèk. Rezilta: Trump te parèt gen avantaj nan nan sware 3 novanm nan (apre yo te fin konte vòt dirèk yo) epi Biden vin pran avantaj la lè yo te kòmanse konte bilten lapòs yo.

Lè Trump wè van an ap vire, li kòmanse tire pye, li di gen magouy epi li poste sou Twitè : “STOP THE COUNT” (Sispann Konte Vòt Yo). Men pèsonn pat okipe l e yo te kontinye konte bilten lapòs yo. Plis yo tap konte yo, se plis Joe Biden tap mennen. Plizyè Eta kote Trump te devan te vin pou Biden. Lè fanatik Trump yo wè sa, yo tonbe manifeste, al bay gwo presyon nan sant tabilasyon yo pou yo sispann konte bilten yo. Genyen nan manifestan yo ki te vin ak gwo zam pou bay presyon, men lapolis te bare yo. Yo te menm arete kèk ladan yo.  

Apre 4 jou ap tann rezilta eleksyon, nouvèl la te vin tonbe nan samdi maten 7 novanm 2020: Biden genyen eleksyon yo ak plis pase 75 milyon vwa tandiske Trump limenm gen 70 milyon. Gwo chèn televizyon tankou CNN oubyen gwo ajans kouwè Associated Press (AP) anonse nouvèl la epi yo di eleksyon fini. Nouvo prezidan Biden ak vis-prezidan Kamala Harris (premye fanm nwa vis-prezidan Etazini) fè premye diskou prezidansyèl yo nan sware 7 novanm nan.

Prezidan Trump bò kote pa l poko janm asepte li pèdi eleksyon an. Li pa vle bay legen. Olye sa, li pito ap fè deklarasyon manti, di eleksyon an gen magouy san li pa janm pote okenn prèv. Li di li pral atake rezilta eleksyon an nan tribinal pou yo ka chanje anfavè l. Plizyè tribinal kote Trump pote plent voye plent li yo jete deja. Anpil moun espere Trump ap dakò li pèdi eleksyon an, bay legen, rele Joe Biden epi travay ak ekip nouvo prezidan Ameriken an pou asire bonjan tranzisyon ak pasasyon pouvwa 20 janvye 2021.  

Nap fè sonje 5 oktòb dènye, kandida Joe Biden te pase vizite kominote Ayisyen an nan kad kanpay li tap fè nan Eta Florid la. Li te pwomèt pou l pa bay Ayisyen yo vag lè l prezidan. “Map fè yon jan pou kominote Ayisyen an gen chans pa l, pou l rekanpe sou de pye l epi avanse nan direksyon kap pèmèt li reyalize tout kokennchenn potansyèl li.”

Jonel Juste

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a comment