Istwa lavi Frederick Douglass, yon esklav ameriken

Tradiksyon: Jonel Juste 

Men yon ti moso nan “Istwa lavi Frederick Douglass, yon esklav ameriken”. Douglass te ekri liv sa a  an 1845 pandan l t ap viv Massachusetts. Yo jeneralman konsidere dokiman sa a ki rele ann Angle “Narrative of the Life of Frederick Douglass, an American Slave” kòm youn ki pi popilè pami yon kantite lòt liv ansyen esklav te ekri nan menm epòk la. Yo konsidere tèks saa , ki an reyalite dekri plizyè evènman nan lavi Frederick Douglass,  kòm youn nan zèv literè ki te jwe yon gwo wòl nan chofe mouvman Abolisyonis lan nan kòmansman 19yèm syèk Etazini.

Chapit 1

M te fèt Tokawo, toupre Ilzbowo, ki nan yon distans 19 km ak Istonn, nan Talbòt Konnti, Merilann. M pa vreman konnen laj egzat mwen paske m pat janm gen okenn papye ki make dat mwen te fèt. Pou byen di w, pifò esklav pa konn laj yo menm jan yon chwal pa konn dat li te fèt, e dapre sa m konnen se sa menm mèt esklav yo vle menm: pou esklav yo pa janm konnen. M pa janm kontre yon esklav ki ka di m jou l te fèt. Yo toujou di w laj yo tonbe nan menm epòk yo tap plante, oubyen rekòlte, epòk rekòt kafe, sezon prentan oubyen lotòn. Depi lè m piti, m te bezwen konnen laj mwen m pat kapab, yon bagay ki te ban m anpil chagren. Ti blan yo te ka bay laj yo. M pa wè pouki pou m pat gen menm privilèj ak yo. M pat gendwa poze mèt mwen kesyon sou sa. Li tap twouve se yon radiyès-pèmèt pou yon esklav ta oze mande bagay konsa. Epitou sa tap montre m se yon esklav je kale.

Pi bon laj m ta ka bay tèt mwen jodi a, se ant vennsèt ak ventwuitan yo konsa. Sak fè m kwè sa se paske yon fwa m te tande mèt mwen an di m te gen 17 an nan lane 1835 yo konsa.

Manman m te rele Ariyèt Beyli. Li te pitit fi Izarak ak Betse Beyli, de moun nwa ki te gen koulè po fonse. Manman m menm te gen yon po pi fonse pase grann mwen oubyen granpapa m.

Papa m te yon blan. Se sa m te toujou tande moun ap di lè yap pale de papa m. M te tande yo di papa m se te mèt mwen tou, menm pat janm konn si pawòl sa a te vre oubyen si l pat vre. Dayè, yo pat janm ban m posiblite pou m te konnen anyen. Yo te separe m ak manman m lè m te ti bebe, avan menm mwen te konnen l kòm manman m. Nan pati Merilann m kouri kite a, se yon koutim pou yo separe timoun ak manman yo depi lè yo ti bebe. Souvan fwa, avan timoun nan rive sou 12 mwa, yo separe l ak manman l. Yo fè manman al travay nan yon fèm byen lwen, epi yo pran yon vye granmoun fanm ki pa ka fè travay jaden ankò pou okipe timoun nan.  Poukisa yo fè separasyon sa a, m pa konnen. Petèt se pou yo ka anpeche timoun nan devlope afeksyon pou manman l oubyen pou bloke oubyen efase tout afeksyon natirèl manman an pou pitit li. Antouka, se sa ki fin pa rive.

     M pat janm konn kimoun ki manman m vre paske m pat abitye wè l si se pat kat ou senk fwa nan lavi m konsa. Epi chak fwa m te wè l se te pandan yon ti bout tan, nan fènwa ankò. Li tap travay pou yon mesye Stiwat ki te abite yon distans 19 km ak lakay mwen.

Manman m te bat tout wout sa a pou l te vin wè m nan nuit, li te mache tout distans sa a apye apre li te fin bourike travay lajounen. Li tap travay nan jaden. Kout raso se te pinisyon pou tout esklav ki pat nan jaden lè soley leve, amwenske mèt li te ba l yon pèmisyon espesyal pou l pat la. Men mèt yo pat konn bay pemisyon sa a souvan. Mèt ki te resi bay pèmisyon sa a, yo te rele l yon papa bon kè. M pa janm sonje m te konn wè figi manman m lajounen, se te toujou lannuit li te avè m. Li te konn kouche bò kote m epi fè m dòmi, men avan m reveye li te gentan pati. Nou pat konn pale twòp pase sa. Lanmò te vin kraze ti relasyon nou te genyen pandan l te vivan, epi mete bout nan mizè ak soufrans li tou. Lè l mouri a m te gen 7 an; li mouri sou fèm youn nan mèt mwen yo, toupre Lizmil. Yo pat kite m al wè l ni pandan maladi l, ni pandan lanmò l ni pandan antèman l. M te vin konnen l mouri byen lontan apre. M pat janm gentan byen pwofite dousè prezans li vre, ni jwenn bonjan tandrès ak swen nan men l. Nouvèl lanmò l pat tèlman fè m gwo lapenn, se kòm si se yon etranje ki te mouri.  

Manman te tèlman mouri bridsoukou, li pat gentan bay okenn ti detay sou kiyès ki te papa m. Bri ki tap kouri di papa m se mèt mwen an, kit li te vre ou pa, vin pat gen twòp enpotans pou mwen. Sèl bagay m te konnen, se lefètke mèt esklav yo te rive fè pase yon lwa pou tout pitit fanm ki esklav te rete nan menm kondisyon sosyal ak manman yo. Sa te lèd anpil. Yo te fè sa tou pou tire avantaj sou eklav la tout jan. Se te yon fason pou yo eksplwate esklav fanm yo nan jaden kou nan kabann. Yo te vle satisfè dezi yo ak aranjman mètdam sa a epi pwofite fòs kouraj esklav la anmenmtan. Se poutèt sa anpil mèt esklav te vle gen yon doub relasyon kòm pwopriyetè epi papa pitit esklav fanm yo.   

   M konn kèk ka konsa. Esklav fanm sa yo ki annafè ak mèt la konn soufri anpil epi yo gen plis difikilte pase lòt medam yo. Metrès yo pat vle wè yo paske yo te wè yo kòm matlòt. Yo te toujou jwenn yon defo lakay yo. Se kòm si yo pat janm fè anyen ki bon nan je yo. Metrès yo te sèlman kontan lè fanm esklav sa yo tap pran raso, sitou si manzè ta sispèk mari l ap fè pitit milat li yo favè li pat fè esklav nwa yo. Kèk fwa, mèt la oblije vann kalte esklav sa yo. Li fè sa dabò poutèt madanm li. Li fè sa tou paske antanke moun li santi l oblije fè l, menm si sa rèd pou yon nonm vann pwòp san w pou yal maltrete l. Si l pa ta fè sa, non sèlman li tap oblije fwete yo limenm menm, men li ka oblije kanpe gade pitit li ki blan kap mare pwòp frè l ki gen yon po pi fonse pase l, epi kap vide raso nan rèl do l. Epi si misye ta eseye ouvri bouch li pou l di li pa dakò, si l ta rekonèt ti nwa a kòm pitit li, se tap mete apse sou klou ni pou limenm, ni pou esklav lap eseye pwoteje e defann nan.

      Chak ane, mòd eslav sa yo tap vin pi plis. Se petèt konsta sa a ki te fè yon gwo dirijan nan sid Etazini prevwa sistèm esklavaj pral tonbe akoz prensip popilasyon an. Kit pwofesi sa a akonpli ou pa, antouka li klè pou tout moun gen yon lòt klas moun yo fè tounen esklav kap pran chè nan sid peyi a e ki diferan ak moun ki te soti ann Afrik yo. Epi si moun sa yo kontinye miltipliye, menm si sa pa ta regle anyen, omwens sa va demanti vye agiman ki fè kwè Bondye te bay Kam madichon, donk esklavaj Ameriken an nòmal. Si se sèl desandan dirèk Kam yo ki te dwe esklav dapre Bib la, donk se sèten esklavaj nan sid Etazini pa biblik; paske plizyè milye moun vini sou latè, yon seri de moun ki tankou m egziste akoz yon papa blan ki twouve se mèt yo anmenmtan.

       M te gen de mèt. Premye met mwen an te siyen Antoni. M pa sonje non l.  Tout moun te rele Kaptenn Antoni, yon non m panse yo ba li paske li te gen yon bato ki te konn fè vwal nan Bè Chesapik. Yo pat konsidere l kou yon mèt esklav. Li te gen detwa fèm ak 30 esklav konsa. Li te met yon moun pou siveye lafèm ak esklav li yo pou li. Non moun sa a se te Plòmè. Mouche Plòmè sa a te yon vye tafyatè, yon nonm bouch sal ki te sovaj anpil. Li te toujou gen yon raso ak yon kokomakak nan men l. Misye te tèlman konn rache tèt esklav fanm yo ak raso, menm lòt mèt esklav yo te move epi yo te menase fwete misye si l pat kite mechanste.  Men mèt Antoni pat yon nonm ki te gen kè sansib nonplis. Fòk sipèvizè a ta fè yon dènye zak sovaj pou misye tap foure bouch nan koze a. Se yon nonm ki te mechan anpil. Kè l te di anpil paske l te fè anpil tan ap maltrete esklav yo. Misye te konn pran gwo plezi nan kale esklav yo.  Yon fwa m te reveye byen bonè nan maten ak gwo rèl yon matant mwen misye te mare nan yon poto. Misye te fwete l jiskaske l te kouvri ak san. Misye pat konn pran ni kantik ni priyè, okenn rèl ni tanprisouple pat ka brannen kè asye kriminèl sa a. Plis matant mwen an tap rele, se plis misye tap fwete l, epi li frape l plis kote san an tap koule plis la. Li te fwete l pou fè l kriye, li te fwete l pou l fè l pe. Se sèlman lè misye fatige li te sispann voye kout raso ki plen ak san. M sonje premye fwa m te kanpe ap gade yon espektak san terib konsa. M te yon timoun men mwen sonje sa byen. Se yon bagay ki pap janm sot nan lespri m. Se te premye nan yon pakèt lòt atanta kriminèl m te oblije gade ak je m epi patisipe ladan yo. Sa te frape m ak yon fòs terib. Se nan pòt kouvri ak san sa a, se nan pòt lanfè esklavaj sa a m tapral pase. Se bagay ki pi terib m te janm wè. M pa gen mo pou m kouche sou papye pou esplike tout bagay lèd mwen te wè yo.

       Istwa matant mwen an te rive yon ti kras tan apre m tal viv lakay ansyen mèt mwen an. Matant Estè te soti yon swa—pouki rezon ak ki kote m pa konnen—epi li twouve l pa la alòske mèt mwen te bezwen l. Misye te defann matant mwen soti lèswa epi l te di l pinga janm kenbe l ap pale ak yon jenn gason, ki te esklav Kolonèl Lyòd, epi ki tap koze avèk matant mwen. Jennonm nan te rele Nèd Wabèts, men tout moun te rele l Nèd Lyòd. M pa konnen ojis pouki mèt la tap veye manzè konsa. Kapab se paske manzè te yon fanm ki gen bèl fòm, ki te byen bati, ki te byen fèt, epi ki pat gen parèy li nan mitan lòt fanm nwa ak fanm blanch nan zòn nan.

Tant Estè te non sèlman te dezobeyi lòd mèt la lè l te soti a, men yo te jwenn li ak Nèd, epi genlè se te pi gwo fot li te fè. Antouka se sa mèt la tap plede repete pandan li tap kale manmzèl. Si mèt la se te yon nonm te gen bon moral, yon moun ta panse se inosans matant mwen li tap defann, men tout moun ki konn tanperaman misye te konnen bagay konsa pat nan lide l menm. Avan misye te kòmanse bat matant mwen, li te mennen l nan kizin nan epi li te dezabiye l depi nan kou rive nan ren, li mete tout kou l, zepòl li ak do l deyò. Li di l kwaze bra l epi l joure l vye pèlen. Lè l fin kwaze bra l, li mare yo ak yon kòd solid epi li mennen matant mwen sou yon ti ban ki te anba yon gwo kwòk nan yon poto ki te la pou sa. Li fè l monte sou ti ban an, li mare men l nan kwòk la. Se nan pozisyon sa a manzè te kanpe pou l pran kout raso. De bra manzè te leve pandye anlè pandan li te kanpe sou tèt zòtèy li. Lè sa a, mèt la di matant mwen : « Kounye a vye pèlen, m pral aprann ou pa janm dezobeyi lòd mwen ankò ». Apre sa misye touse ponyèt li epi li kòmanse vide raso. San vole tout wouj tou cho soti nan kò matant mwen tonbe atè, pandan manzè tap pouse rèl fyèl epi mèt la limenm tap di vye betiz sal. Espektak san sa a te telman boulvèse m, m te oblije al kache nan yon lamwa epi pa soti jiskakaske masak la te fini.  M te panse yon jou se tap tou pa m pou m pran raso. Se premye fwa m te wè sa. M pat janm wè yon bagay konsa avan. M te toujou viv ak grann mwen nan vwazinaj plantasyon an, kote yo te leve l pou leve pitit jenn fanm yo. Se sak fè m potko janm temwen espektak san sa yo ki tap plede fèt sou plantasyon an.

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: