Men Pou ki Rezon Ameriken Di Li Koupe Viza epi Depòte Moyiz Jan-Chal

Apre ansyen senatè Moyiz Jan-Chal te fin fè yon toune nan Amerik Latin ak ann Afrik, Ameriken koupe viza l, depòte l Ayiti epi defann li mete pye l Etazini pandan 5 an. Jounal Miami Herald soti yon atik vandredi 28 janvye a pou esplike desizyon gouvènman Ameriken an. Atik la soti ann Anglè. Nou tradui tout atik la an Kreyòl Ayisyen.

Ansyen senatè Ayisyen Moyiz Jan-Chal (nan mitan) poze ak Diosdado Cabello (agòch), nimewo 2 nan gouvènman venezyelyen Nicolás Maduro a, epi yon moun yo konnen kòm yon chèf katèl dwòg. Bò kote yo, ansyen minis venezyelyen an Carolys Helena Pérez González pandan yon vizit nan Karakas.

Moyiz Jan-Chal, yon ansyen senatè Ayisyen ki se yon potansyèl kandida pou prezidan Ayiti, toujou fyè dèske li se yon lidè opozisyon ki gen yon ideoloji degoch, yon nonm ki pa pè afiche nan figi Etazini relasyon li genyen ak kèk dirijan tèt chaje nan peyi Amerik Latin yo. Jodi a sanble kalte relasyon sa yo fè l pèdi viza yon viza Ameriken l te genyen.  Plizyè sous fè konnen se yon vizit kay yon gwo chèf katèl dwòg Venezyela an ak lòt rezon ankò ki ta lakòz otorite Ameriken yo koupe lendi pase viza Ameriken politisyen Ayisyen an epi defann li antre Etazini pandan senkan.

Moyiz, ki pa t reponn plizyè apèl ak demann Miami Herald te fè l pou jwenn kòmantè, konfime sanksyon yo nan plizyè konferans pou laprès semèn sa a pandan li akize Etazini kòmkwa yo ta atake diyite li, epi li bay Ameriken defi pou yo esplike rezon ki fè  yo pran desizyon sa yo kont li. Menm si li gen menm siyati ak prezidan Ayisyen yo te asasinen an, Jovnèl Moyiz, li pa fin klè si de mesye sa yo se fanmi.

Istwa viza Jan-Chal Moyiz la, ke pifò moun konnen kòm Moyiz Jan-Chal, te kòmanse lendi lè li te rive Mayami ak manm yon delegasyon Ayisyen ki te akonpaye li wikenn pase nan Nijerya. Pandan yo te an tranzit nan Aryopò Entènasyonal Mayami, plizyè ajan Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè Ameriken (CPB) te pwoche kote ansyen senatè a epi yo te mennen l nan sa li te dekri kòm yon ti chanm frèt pou poze l kesyon. La a, Jan-Chal fè konnen, otorite yo te kesyone l sou vizit li nan peyi Nijerya ak yon vizit li te bay lidè Venezyelyen Nicolás Maduro.

Kèk moun ki byen konn dosye a fè Miami Herald konnen pandan ajan CPB yo te kenbe Moyiz Jan-Chal la, yo t ap eseye tcheke telefòn ni, kwake ansyen senatè a te vle anpeche yo fè sa. Pandan tchèk la, yo te jwenn kèk “kontak dwòl” sou telefòn Jan-Chal epi kèk foto misye te fè ak yon seri gwo tèt nan rejim Venezyela a. Lòt moun ki konn detay vwayaj Moyiz te fè Venezyela a di pandan omwens youn nan vizit li yo li te rankontre nimewo 2 rejim nan, Diosdado Cabello, yon nomn yo konnen kòm chèf yon katèl dwòg Venezyela. Cabello ak Maduro, tou de gen gwo akizasyon trafik dwòg sou do yo Etazini. Ameriken pwomèt yon prim 10 milyon dola pou moun ki ede yo kenbe premye a epi 15 milyon dola pou dezyèm nan.

Moyiz, 54 an, te retounen ann Ayiti madi maten sou yon vòl American Airlines. Yon foto ki montre ap monte avyon an ak yon mas nan figi l, yon kostim gri ak chemiz wouj sou li epi ki montre l sezi, te gentan anvayi rezososyo yo. Te gen yon ofisye Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè Ameriken (CPB) ki te kanpe pa dèyè nan foto a. Lè Moyiz te rive nan Aryopò Entènasyonal Tousen Louvèti, li te rakonte jounalis yo kijan ofisye imigrasyon Ameriken yo te kenbe l, fè yon prelèvman ADN nan bouch li avan yo te depòte l Ayiti, koupe viza l epi entèdi l antre Etazini pandan senkan.

 Li te resevwa sanksyon yo, li te di, paske li te derefize diskite sou vwayaj Nijerya a ak yon vizit an novanm 2021 kay Maduro. Pandan yon konferans pou laprès mèkredi pase a, li te akize ajan imigrasyon Ameriken yo kòmkwa yo te vyole dwa moun li, yo te imilye l e yo te menase ba l prizon poutèt li te refize kolabore pandan uit èdtan ak 15 minit yo te kenbe l anndan yon ti chanm fredi.

Antanke yon kandida prezidansyèl potansyèl nan eleksyon jeneral ki poko gen dat ann Ayiti yo, kounye a Moyiz ap pwofite sèvi ak tretman li a pou rale moun dèyè l sitou pami sila yo ki pa renmen Etazini.

“Ki jan fè lòt lidè pale ak Maduro epi yo pa janm pwoche yo pou mande sou sa yo te diskite?” Moyiz di. Yon pòtpawòl CBP, ki site sa yo rele prensip konfidansyalite, te refize di Miami Herald poukisa yo te depòte politisyen Ayisyen an epi li te bay yon lis plis pase 60 rezon ki fè yo ka refize yon moun ki gen yon viza Ameriken rantre Etazini. Nenpòt moun ki vwayaje, vizitè, sitwayen Ameriken oswa rezidan pèmanan, kapab sibi enspeksyon segondè lè yo antre sou teritwa Ameriken an. Sa ka fèt konsa konsa oswa sa ka rezilta kèk enfòmasyon ajan CBP yo te gentan genyen. Nan ka pa Moyiz la, yo te siyale misye. Lè yo te mande l montre telefòn li, toudabò li te prezante yon ansyen telefòn ki pa yon smatfòn. Lè sa a, ofisye yo te al kote moun ki te vwayaje ak Moyiz yo epi yo te jwenn smatfòn li a. Lè ajan yo te fouye telefòn nan, foto ak kontak yo te jwenn ladan te agrave ka Moyiz. Pami yo te gen yon foto l ak Carolys Helena Pérez González, ansyen Minis Venezyelyen pou Fanm ak Egalite Sèks nan gouvènman Maduro a, ki souvan aji kòm yon medyatè ak lyezon ant rejim Venezyela a ak kontak li ann Ayiti. Dapre yon sous, Pérez te òganize yon rankont nan mwa jwen pase a nan Karakas ant Moyiz ak Cabello.

Moyiz, ki souvan pataje vwayaj li yo sou rezo yo, pa t montre tout sa ki te panse nan rankont la, men yon fotoki rive jwenn Miami Herald montre de mesye yo k ap souri epi bay lamen. Yon lòt foto montre de mesye yo ak Pérez kanpe devan yon drapo Venezyelyen. Dapre kont Twitè li a, Jan-Chal Moyiz te Venezyela pandan semèn 21 jen an (anviwon de semèn anvan asasinay Jovnèl Moyiz, ke li piblikman te konsidere kòm yon lènmi politik) pou l te patisipe nan yon selebrasyon “200 lane batay Karabobo”, ki te bay Venezyela endepandans.

Etazini kwè Cabello ak Maduro ap dirije sa yo rele Katèl Solèy, yon òganizasyon ki gen ladan l ansyen ofisyèl rejim nan e ki kontwole trafik dwòg nan peyi Venezyela. Nan mwa mas 2020, Depatman Lajistis Ameriken te akize Maduro, Cabello ak 13 lòt ofisyèl gouvènman an pou trafik dwòg epi li te mete gwo prim sou tèt yo. Venezyela, ki depi lontan te yon ènmi diplomatik Etazini, se yon peyi yo konsidere chak jou pi plis kòm yon eskal pou kagezon dwòg ki soti nan Kolonbi pou al Etazini, e ki souvan pase pa Ayiti oswa Repiblik Dominikèn.

“Parèt nan yon foto ak Diosdado Cabello se ekivalan Venezyelyen ak fè foto ak ‘El Chapo’ Guzmán,” dapre yon sous ransèyman Ameriken k ap kontwole aktivite nan Venezyela, e ki fè referans ak gwo chèf katèl dwòg Meksiken Joaquin “El Chapo” Guzmán, ki kounye a ap bwè prizon avi nan yon prizon federal Ameriken.

Pandan konferans pou laprès mèkredi pase a, ansyen lejislatè a, ki adopte drapo nwa e wouj diktati Divalye a epi ki konn leve drapo Larisi pandan manifestasyon, te akize Etazini kòm yon peyi ki menase l. Alòske yo te kite konpayon vwayaj li yo antre ann Ayiti, li di yo te kenbe l epi mennen l nan yon pyès kote li t ap “tranble” tank li te frèt. Li di ofisye yo te ofri l yon dil. “Yo te di m si mwen kolabore, gen plizyè sanksyon yo ta pral pran kont mwen, yo p ap pran yo ankò,” li te di. “Yo te di si mwen rakonte yo sa mwen t ap diskite ak Maduro nan mwa Novanm 2021 la, mwen p ap gen okenn pwoblèm. Si mwen di yo sa mwen te pale ak Afriken yo, mwen p ap gen okenn pwoblèm. Men, si mwen refize, gen kat sanksyon yo pral pran kont mwen.” Apre sa, Moyiz Jan-Chal site sanksyon yo ki gen ladan yo anilasyon viza li a, entèdiksyon senk ane pou antre Etazini, depòtasyon ak prizon. “Mwen te fè chwa prizon, mwen te fè chwa pou yo koupe viza mwen, mwen te fè chwa pou yo depòte nou, mwen te fè chwa pou yo imilye nou”, li te di repòtè yo, epi li ajoute li rasanble yon bann avoka pou trennen Etazini lajistis pou defann diyite li…

Apre sa, li te mande otorite ameriken yo “di nou sa ki kache dèyè bagay sa a.” “Se pa Moyiz Jan-Chal nou fè sa, se pèp ayisyen an”, li te di.

Yon atik Antonio Maria Delgado Ak Jacqueline Charles ekri pou Miami Herald

Michael Wilner, ki se korespondan prensipal pou sekirite nasyonal nan Biwo Wachintonn, te ede ekri atik sa a.

Tradiksyon : Jonel Juste

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: