Adje Madan Alnèv

Nou te rele l Madan Alnèv, oubyen Mad’Alnèv pou pi kout. Alnèv se te non mari l. Non jèn fi l se te Decia. Li te nan mitan pakèt moun ki te mouri nan tranblemanntè 14 Out yo ki te frape 3 depatman Ayiti ak plizyè vil ak komin tankou Baradè, Ansavo, Lazil. Jou samdi sa a, nou te aprann tè a te tranble Lazil e kay kote matant nou te ye a te tonbe sou li.

Nouvèl lanmò Madan Alnèv la te yon gwo sezisman pou nou, pou mwen, pou fanmi m. Lòt gwo sezisman n te pran se lè n tande tout zòn Lazil la te kraze nèt, pa t gen yon kay ki te rete. Nan tout katastwòf nou te imajine ki ta ka pase Lazil, nou pa t janm panse ak tranblemanntè; se te dènye bagay ki ta pase nan lespri nou. Men non sèlman sa te rive, men nou te pèdi fanmi n ladan l.

Depi lè m fin pran nouvèl lanmò Madan Alnèv, anpil souvni ap monte nan tèt mwen. Mwen fè yon vwayaj nan peyi memwa m pou m ka sonje kiyès matant mwen an te ye. Nan tout matant mwen genyen yo, m sonje se li ki te pi vivan. Depi l parèt yon kote l pote tout chalè ak bri zòn Sid peyi Dayiti. Li pote tou yon bann mo nou pa t abitye tande tankou “tre, trezafè, aboutrefen”. Menm si paran n soti nan depatman Nip (ki te nan Grandans alepòk), se Pòtoprens nou te leve. Se vre m te pase yon ti tan Lazil lè m te piti (m te ret kay Madan Alnèv) men sa pa t sifi pou m te konn zòn Sid la byen. Donk se tout eritaj kilitirèl sa a matant nou te pote ban nou chak fwa li te vin lakay nou, Kafou.

Madan Alnèv te yon Madan Sara. Li te konn fè komès, pran machandiz an pwovens vin vann Pòtoprens. Li te konn vann poul, bannann, yanm, mango elatriye. Chak fwa l vin Pòtoprens, se lakay nou li te vin ak tout bagay sa yo. Te gen yon mache nan Lamanten 52, se la matant mwen te konn al vann pwovizyon l yo. Tout machandiz yo pa t toujou vann. E kom li pat vle retounen an pwovens ak yo, li te kite rès yo lakay la. Lè konsa n fè gwo babako manje. Kijan pou n pa ta sonje yon matant konsa ?

Men se pa sèl pou sa m sonje Mad’Alnev. Kòm m te di avan sa, se yon moun ki te vivan anpil. Li te toujou abiye bwodè, li pa t janm lage kò l menm lè l te kòmanse gen laj. Nan tèt li, li te yon jèn fi. Madan Alnèv te renmen kale kò l, achte bèl rad, bèl chapo, bèl mouchwa. Li te toujou ap bay payèt, li te renmen pran swen tèt li.

Defen an te toujou gen yon istwa l ap rakonte. Men pawòl Madan Alnèv te toujou renmen pale se relasyon li te gen ak mari l Alnèv. Tankou manman m te di : « Alnèv se lapriyè Madan Alnèv ». Sa vle se sou sa l te plis renmen pale, li p ap ouvri bouch li pou l pa site non mesye a. Men tout pale a, se pa t bon bagay li t ap di non. Li te toujou ap plenyen Alnèv pran lòt fanm sou li, Alnèv ba l matlòt, Alnèv al kay ongan pou li, Alnèv dèyè touye l pou lòt fanm nan. Toutan se konsa, toutan se menm pawòl la, Alnèv, Alnèv, Alnèv. Finalman, m sispèk Madan Alnèv te renmen mari l. Nan jan pa li. Maryaj la pa t mache men omwens li te bay Madan Alnèv koze pou l rakonte. Aboutrefen yo te kite, Alnèv te pran yon fi ki te pi jèn e Madan Alnèv te fe chemen pa li.

M fè plizyè ane m pa wè Matant Decia apre m te fin kite Ayiti. M te toujou mande pitit li yo pou li. Yo te di m li anfòm, pafwa li Pòtoprens, pafwa li Sendomeng kote youn nan timoun li yo ap viv. M pa t panse l te Lazil paske m konnen l te kite zòn sa a lontan. Donk se ak anpil sezisman m te aprann se Lazil li te ye lè katastwòf la pase a. Li te al pase kèk jou lakay yon zanmi l. Yo rakonte m li te nan kabann li pandan tranbleman an, yon mi te sot tonbe sou li. Annia, youn nan pitit li yo, di m kò l pa t kraze, li pa t sanble yon moun ki te mouri anba dekonm. Li te gen yon grafonyen nan zepòl sèlman. Sanble se toufe li te toufe anba mi ki te tonbe sou li a.

Se konsa matant mwen ale. Men se pa Alnèv ki lakòz. Se lanati ki te deside mete fen nan istwa l. Manman m ki t al nan antèman an Lazil di m li te wè Alnèv. Li di m li wè Alnèv byen fre, byen jèn.

Adje Madan Alnèv. Nou p ap janm bliye w. Nan lespri n, w ap toujou jèn, toujou vivan.  

Jonel Juste

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

2 thoughts on “Adje Madan Alnèv”

  1. Mes sympathies Jonel se yon bèl Omaj ou rann mad’Alnev matant ou ki mouri nan tranblemantè. En pasan ou té visyé anpil wi menm jan ak mwen 😁, leu nou gen fanm I ki soti andeyo mté toujou kontan paske jan ou di babako pandan 2 3 semenn

    Like

Leave a comment