“Solèy, Solèy”

soley

“Solèy, Solèy” se premye liv pwezi Jonel Juste pibliye an Kreyòl, lang li pi renmen an. Se nan lang sa a li ka di sa li vreman santi anndan kè l ; se ladan l li ka kominike tout emosyon l ak pasyon l pou pwezi, lanmou, peyi l, lavi elatriye. Nou espere lap ka fè w viv menm emosyon sa yo tou. Liv sa a disponib sou Amazon. Men kèk moso ladan l. 

I

Solèy la leve dèyè mòn nan

Li baye l detire

Li pouse dra lafimen bwouya

Ak lawouze dimaten

Epi l plonje nan de bra m

Toutouni

Jan Pè Letènèl te fè l

Solèy la leve yon bon maten

Li antre san frape

 M pa konn kote l pase

L antre nan fenèt kwen je m

Li satouyèt mwen fè m pantan

Reveye m nan dòmi

Limyè solèy la antre toutouni nan chanm mwen

Li parèt kou yon aparisyon

Solèy … Solèy

M tèlman renmen w

M pa ka gade w nan je.

 

II

Mwenmenm ki te bliye reve

Depi m fin wèw cheri

Tout rèv mwen reveye

Mwenmenm ki te bliye reve

Epi ou vin rive

Si w konn bato echwe

Je m plen ak sab lanmè

Depi m fin wè w amou

Nuit mwen pran depale

Tout zetwal ret bouch be

Ou antre nan nuit mwen

Ou trennen vag lanmè

Bato boutèy solèy

Zèl papiyon kim lanmè

Lanbi ak koki tout koulè

 Jonel Juste

Liv la disponib sou Amazon

 

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: