Yo Manke Touye Jounalis La!

20161212_022552

Jodi a se Jounen Mondyal Libète Laprès. Jounen sa a se moman pou n sonje anpil goumen ki fèt pou libète sa a ka boujounen nan peyi dayiti. Se jounen pou n sonje sila yo ki bay lavi yo pou libète sa a, yon libète nou pap janm fin genyen nèt si n pa toujou ap goumen pou li. Nap pwofite sonje non jounalis ki pèdi lavi yo pandan yap fè travay yo tankou Gasner Raymond, Jacques Roches, Bignol Lindor, Jean Dominique, elatriye.

Dènye non ki ajoute nan lis jounalis viktim yo se Vladjimir Legagneur. Fotograf sa a disparèt depi 14 mas e jiska prezan yo pa konn sa l devni. Si se pat Bondye, non nou te ka ekri nan lis la tou. Grasadye, nou vivan jodi a pou n ekri, pou n rakonte istwa n kòm yon jounalis ki manke pase alenfinitif pandan l tap fè travay li ki se enfòme popilasyon an.

Se yon istwa m pap janm ka bliye. Lap ret grave nan lespri m poutoutan. Se pa istwa sa a m ta renmen ni sonje ni rakonte, men l te rive epi m vle rakonte l. Se yon istwa lavi ak lanmò. Se te an 2005 sa te pase. Lè sa a m te jounalis nan jounal Le Nouvelliste. M te yon repòtè ekri, yon redaktè ki te konn al kouvri aktyalite politik tankou manifestasyon, konferans deprès politik elatriye, djòb jounalis pi pa renmen. Paske lè se pa danje lanmò ki gen nan manifestasyon, se danje sot tonbe ak dòmi nan je nan konferans deprès politisyen babyadò kap fè pwomès yo pa ka kenbe.

Yon jou maten m al travay epi sekretè redaksyon jounal la mete m sou yon dosye Bèlè ansanm ak jounalis Claude Bernard Serant. Jounal la te vle pou n al nan zòn nan al gade kòman sityasyon an ye apre lapolis ak Minista te fin pase epi tire plizyè jenn gason sou Bèlè ki te tounen yon katye cho apre ansyen prezidan Aristid te fin kite pouvwa a 29 fevriye 2004. Ennan apre, Leta potko ka pran kontwòl katye sa a ki te gen anpil fanatik ansyen prezidan an ladan l. Lè m tande yo voye m Bèlè apre operasyon lapolis ak Minista a, vant mwen bouyi ak lapèrèz. M di nan kè m se voye yo voye m al mouri. M envante tout kalte pretèks pou m pa al fè repòtaj la, men jounal la ensiste. M di yo m pral kouvri yon fo konferans deprès Jakmèl, men yo pa tande, yo vle pou m al Bèlè. Finalman, m pran kouraj mwen ak de bra epi m oblije ale. Bondye fè m pat bliye kat deprès mwen, nou pral wè pouki pi devan.

Nou mache apye soti Ri di Sant pou monte Bèlè. Lè n pwoche zòn nan, nou santi nou pa nan plas nou. Moun yo ap gade n kòm si nou se te de mò an vakans. Nou eseye pale ak kèk moun men yo pa vle. Nou santi atmosfè a lou. Depi lè sa a nou te dwe kase tèt tounen, men nou pa tap gen ase materyèl pou n ekri yon atik. Donk nou kontinye mache. Lè nou rive yon kote pou nou antre anndan Bèlè, plizyè jenn gason vin antoure nou. Yo mande n kote n prale. Nou di nou se jounalis Le Nouvelliste, nou vin fè yon repotaj pou jounal la apre operasyon lapolis ak Minista a. Nou santi n pat gen anyen pou n te kache puiske nou konnen se travay jounalis nou te vin fè. Men bagay yo pat ale jan n te panse a. Esplikasyon n te bay yo pat sifi pou nèg yo. Okontrè, yo akize n di se espyon nou ye. Yo di se lapolis ki voye n vin wè pwen fèb zòn nan pou yo ka retounen vin tire nèg kap fè rezistans ak nouvo pouvwa anplas la.

Lè n tande sa, nou sispèk bagay yo ap vire nan men nou. Bagay yo santi di. Nou santi nou mele. Nap eseye kalme nèg yo, nap esplike yo nou pa gen okenn rapò ak lapolis, se gade nou vin gade pou nou enfòme popilasyon an sou ki sa ki te pase nan zòn nan. Nou pap travay ak Leta. Nou se laprès, nou pa gouvènman. Pawòl sa yo pa konvenk nèg yo. Pou yo menm, nou se espyon, nou se fouyapòt, nou vin fouye zo nan kalalou pou n al pote rapò bay lapolis. Pandan nèg yo ap pale ak nou, je m toupatou ap chache si pa gen ladan yo ki gen zam tankou revolvè oubyen manchèt. Mwen yon ti jan soulaje lè m pa wè okenn nan zam sa yo. Men m te wè bout fè ak bout bwa. Sa te fè m konprann, si gen pou mouri, nou pap mouri mò bal, ni mò rache, men se anba kout baton ak kout fè.

Pandan nap diskite ak nèg yo, gen youn ki mande pou wè badj jounalis nou. Mwen montre yo badj pa m nan, men kanmarad mwen Serant pat gen badj e se lè sa a bagay la tapral gate. Pandan map pale ak nèg yo, map eseye konvenk yo nou pa ènmi yo, yon sèl goumen pete ant yomenm ak Serant. Kanmarad la vin sispèk nou gendwa pa soti nan sitiyasyon sa a vivan epi sèl fason pou n sove se batay. Pandan map pale, Serant ap goumen. Misye pran anpil kou nan men nèg yo, li goumen li goumen jiskaske li soti anba yo, li kouri ale kite m dèyè. Lè sa a nèg yo di, bon zanmi w lan ale, oumenm, ou pap soti vivan, nap touye w kanmèm. Se lè sa a m vin pè tout bon.

Ak tout mwen tap gade lanmò nan je, mwen te gen yon ti espwa paske yo te mande m idantifye tèt mwen kòm jounalis. M te gen enpresyon paske nèg yo pat ka kategorize m kòm jounalis, paske yo pat ka wè nan ki kan m te kanpe, yo te yon ti jan ezitan pou fè yon move zak sou mwen. M sispèk paske m tap travay nan yon jounal, ki se yon medya ekri, nèg yo pat ka fin kole yon etikèt sou do m. Paske nan epòk sa a, te gen de kategori jounalis: jounalis lavalas ak jounalis GNB. Nèg yo pat fin wè ki kote pou yo mete yon medya tankou Le Nouvelliste ki se yon jounal ki ekri an franse. Nèg yo konn radyo Karayib, yo konn Vizyon 2000, Radyo Ginen men Nouvelis la pat fin twò klè. Anplis Bondye te ban m sajès pou m negosye lavi m ak nèg yo menm si yo te deside fini avè m. M te sipliye yo, m mande fè pa m. M te di yo verifye si se pat yon jounalis mwen ye vre. Grasadye, yo te tande vwa m, yo te deside rele jounal la sou yon telefòn selilè nan nimewo ki te sou badj la. Bondye pou mwen, te gen yon moun ki pran apèl la epi ki konfime mwen se yon jounalis vre. Yon konfrè te rakonte m annapre kijan apèl sa a te lage gwo tèt chaje nan Nouvelis.

Lè nèg yo fin pale ak jounal la, yo gade m sot nan tèt rive nan pye, yo fè m plizyè menas lanmò, epi yo di m mèt ale. M di nèg yo mèsi. Pandan map vire pou m ale, gen youn ki sèvi m yon sèl kout bwa nan tèt. San pete nan tèt mwen tankou yon tiyo Kamèp, li vole sou tout rad mwen. M pa vire pou gade kiyès ki frape m nan, m al fè wout mwen epi m tande nèg yo di: pa janm met pye w isit la ankò, jou w met pye w la a nap touye w tout bon. M fè kòm si m pa tande, m kontinye mache ak kò m benyen ak san. M kannale desann apye sot Bèlè al Ri di Sant, tout kò m kouvri ak san tankou yon zonbi ki sove nan yon ponp finèb. Gen moun ki rale kò yo lè yo wè map vini. Map mache nan lari a tou dousman, tan an te sanble long. M tal Bèlè pou m tal chache nouvèl, se mwen menm ki te tounen nouvèl jou sa a. Nan istwa jounal Le Nouvelliste, nou te premye jounalis ki te viktim.

Jonel Juste

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a comment