Yon zanmi m te poste sou Facebook moso mesaj yon pastè ki tap preche yon dimanch maten. Zanmi an ekri: “Pastè a di pa chèche vwayaje pou al chèche byennèt nan lòt peyi. Paske ou ka ale nan lòt peyi ou tou mouri. Rete la. Pa goumen nan mande viza, sitou pou Etazini. Paske peyi sa a detounen anpil moun ki te legliz. Yo vin pa gen tan menm pou resevwa priyè lakay yo epi se yon lè konsa yo ale legliz”.
Premyeman map di yon moun ka mouri nan nenpòt ki peyi. Ou ka jwenn lanmò w kit ou Ayiti, Etazini, Sendomeng elatriye. Nenpòt kote wap mouri a, degaje w mouri tou sove.
Dezyèmman, sa fè plezi pou tande yon pastè kap di kretyen Etazini pa paradi. Paske lontan, e jouk jodi a, gen anpil kretyen ki panse paradi Bib la tap pale a, se Etazini l ye. Se la yap jwenn tout pwomès Bondye yo. Gen yon gwo legliz Ayiti ki preche “doktrin” sa a menm. Legliz sa a pwofite mizè pep la pou fè yo konprann si yo bay anpil lajan nan ofrann Bondye ka fè yo marye ak Dyaspora, li ka fè yo pati pou antre nan paradi ameriken an. Kite n tou di w sa kounye a: Etazini pa paradi. Chak peyi (menm Ayiti) gen bon ak move kote yo.
Sepandan, menm si Etazini pa paradi, m pa tap dekouraje moun ki vle vwayaje. M pa dakò lè pastè a fè fidèl yo konprann se Etazini ki fè yon seri moun kite legliz. M pa kwè se yon peyi ki fè yon kretyen chite. M toujou tande istwa kèk frè ak sè levanjil ki te cho pou Bondye ann Ayiti, ki te konn al nan jèn 7 fwa pa semèn, ki te nan tout vèydenui, men depi lè yo pati, yo chite. Petèt moun sa a tap jene tout lajounen paske l te gen pwoblèm manje ak lajan. Piske pwoblèm li regle, li pa jene ankò.
Gen moun ki kite legliz vre. M te tande istwa yon ansyen kretyen ki te menm rive boule bib li. Genyen ki antre nan sèk mistik, gen lòt chanje relijyon oubyen ki vin ate. Gen yon lòt gwoup ki toujou legliz men ki divòse ak kèk pratik ki fè kretyen ki ret Ayiti yo panse yo chite. Kretyen sa yo konn al mache nan legliz ameriken. Lè yo rive la yo konn sezi wè jan moun abiye, fanm ak pantalon, gason ki met ti zanno, moun ki gen tatou elatriye. Lè konsa kretyen Ayisyen sa yo konn vle adapte yo.
Lontan li te difisil pou moun Ayiti konnen kijan yo kretyen ki al Etazini ap viv si se pat tripotay yo te ba yo. Men jodi a, yo wè tout bagay andirèk sou rezo sosyal yo (Facebook, WhatsApp elatriye). Gen anpil frè ak sè Ayiti, travay yo se kritike, avili lòt kretyen kap viv Etazini. Yo di Entèl chite paske lè l te Ayiti li pat konn abiye tèl jan men depi l pati a bagay yo chanje. Etazini an gate l.
Men èske se Etazini ki “gate” moun vre ? Eske se Etazini (oubyen nenpòt ki lòt peyi etranje) ki lakoz moun chite (si yo chite vre)? Pou anpil kretyen ki Ayiti (Pannkotis sitou), youn nan premye siy yon kretyen chite se abiman l. Yap di w Entèl te konn mete wòb long bale-pye, men kounye lap mete wòb kout. Pirèd, Entèl menm rive mete pantalon, peche, peche, peche. Entèl te konn al legliz chak jou, men li pa ale souvan ankò. Li te konn al nan jèn men m tande li pa ale ankò, li pa priye ankò elatriye.
Youn nan rezon ki fè moun Ayiti yo reflechi konsa se jan yo te bay anpil ladan yo levanjil la. Se jan yo te poze baz la. Olye yo te ba yo sak pi enpòtan, pastè yo te chita sou yon bann tradisyon, yo te plis ap preche sou bagay deyò pase bagay anndan, yo te plis enterese nan jan moun abiye, jan yo fè cheve yo, makiyaj ki nan figi yo, konbyen fwa yal legliz, konbyen fwa yal nan jèn elatriye. Si paregzanp Sè Deniz te toujou mete wòb blan kap trennen anba pye l epi l tap mache nan jèn tout lasentjounen, si Sè a te toujou mare tèt li ak mouchwa, li pat janm fè kwafi ni mete pèmanant, enben yo te konsidere Sè Deniz kòm yon sevant kap mache ak Bondye tout bon. Li pa menm jan ak Sè Natacha ki mete bout jip, fè kwafi nan tèt li, mete bijou e ki al legliz sèlman chak dimanch. Yo te konsidere Sè Deniz tankou yon ti sen men yo te wè Natacha tankou yon payen. Men depi lè Sè Deniz pati a, li vin pimal pase Sè Natacha yo tap kritike Ayiti a. Sè Deniz menm arive mete patanlon epi mete pemanant nan tèt li. Gad sa Etazini fè Sè Deniz, mesye! Etazini fè sè a bliye vre levanjil la, ansyen levanjil la, kounye a se yon levanjil modèn sè Deniz ap pratike. Kounye a, grasa Facebook, tout legliz kapab wè Sè Deniz kap ouvèlekò nan peyi etranje. Epi lè pastè a wè sa, li deside preche yon mesaj kont Sè Deniz ak kont Etazini kap gate kretyen.
Pwoblèm nan pa nan Se Deniz ni nan Etazini, li chita nan ansèyman anpil kretyen Ayisyen te jwenn anndan legliz. Dapre ansèyman yo gen yon jan tout kretyen nan tout peyi abiye, pale, manje, danse, chante. Kòmkidire ta gen yon “kilti kretyen” ke tout kretyen alawonnbadè adopte (kilti sa a pa egziste vre). Nan anpil prèch, pastè yo plis mete aksan sou sa ki deyò pase sa ki anndan. Yo pa preche sa ki pi enpòtan nan levanjil la. Kèk fwa menm pastè kap preche mesaj sa yo nan ipokrizi paske madanm yo ak pitit yo ap viv nan peyi etranje e yap pratike bagay pastè yo ap denonse yo. Pandan pastè ap preche kont pantalon, ti medam legliz yo ap gade foto pitit fi pastè kap mache Mayami ak ti pantalon byen sere sou li. Pandan pastè a ap preche kont pèmanant, medam legliz yo ap gade foto madan pastè avek bèl kwafi nan tèt li, cheve l byen swa ak pèmanant. Ipokrizi. Lè w poze pastè sa yo kesyon, genyen ki di w Etazini ak Ayiti se de peyi diferan, yo chak gen kilti pa yo. Donk eske sa vle chak peyi gen levanjil pa yo ? Se bagay sa yo ki fè yon seri kretyen chite le yo kite Ayiti, yo wè yo tap ba yo manti sou yon seri de bagay, yo dekouvri anpil ipokrizi.
Si yon kretyen ta chite, se pa Etazini ki lakòz, se sikonstans lavi a ak anpil lòt bagay nou pa konnen. Se konn move ansèyman tou kòm nou sot esplike sa pi wo a. Se kèk bagay yo dekouvri ki twouble lafwa yo paske li depaman ak lide yo te genyen sou levanjil lè yo te Ayiti ki fè yo vin doute. Mete sou sa, chak peyi gen difikilte pa yo pou lavi kretyen. Ayiti se pwoblèm mizè oubyen djab; Etazini gen pwoblèm pa l ki rann lavi kretyen difisil e ki lakòz yon moun chite oubyen vin frèt. Genyen moun ki pa gentan pou legliz paske yap travay. Bòs ka konnen yo kretyen epi fè yo travay dimanch espre. Si yo pa dakò yo ka revoke yo. Genyen menm ki pèdi djòb yo paske yo kretyen. Gen moun yo revoke paske yap kritike kèk moun nan travay la. Yo di moun sa a se abominasyon. Genyen ki oblije kolabore oubyen viv menm kote ak moun yo pa tap janm tolere Ayiti. Genyen ki menm regrèt yo te vin Etazini tèlman peyi a ba yo kè plen pou bagay imoral kap pase ladan l. Genyen ki fè konpwomi, ki aksepte bagay yo pa tap janm aksepte elatriye. Pwoblèm yo anpil, li pa nesesè pou ajoute sou yo.
Jonel Juste