Sherly Jeudy, map mande w padon

FEAT-SherlyJeudy-012818vCanadaWomenU20_caimages-769x385Sherly Jeudy se yon jwè seleksyon nasyonal foutbòl fanm Ayiti kategori U20 ki kalifye pou koupdimonn kap fèt an Frans ane sa a. Demwazèl sa a fè grenn gòl ki kalifye Ayiti a, men yon entèvyou li bay an fransè fè kèk Ayisyen ki toujou esklav fransè bliye gòl li fè pou kalifye Ayiti a. Se pou sa nap mande l padon.  

Sherley Jeudy, si w gen chans li lèt sa a, m ta renmen w konnen se pa tout Ayisyen ki kwè kapasite w pou pale yon lang pi enpòtan pase talan w. Bondye ba w yon bèl talan ki fè w rive kote w ye a. Jodi a, zetwal ou ap klere epi tout moun wè w. Jodi a ou leve figi Ayiti e map di w mèsi pou sa. Listwa va sonje ou te voye Ayiti nan yon koupdimonn ansanm ak lòt medam yo ki te defann drapo nou devan Kanada. Listwa va sonje bèl mèvèy yon lòt jenn fanm ki rele Nerilia Mondesir ki te fè twa gòl pandan Trinidad tap mennen 2-0 sou Ayiti. Listwa va sonje nou tout medam, nou fè valè nou epi nou voye Ayiti pi wo.

nerilia-mondesir-321
Nerilia Mondesir ki te fè twa gòl pandan Trinidad tap mennen 2-0 sou Ayiti

 

Men anverite Listwa pap sonje yon bann ransè, radòtè, yon bann enbesil ki pap regle anyen ak lavi yo, men ki sèlman chita sou Entènèt ap rablabla. Yon bann epav kap kritike moun poutèt yo pa pale yon lang ke menm yomenm yo pa pale vre. Sherly, map mande w padon pou bann aryennafè, bann zonbi fransè sa yo. Anpil ladan yo, si yal nan yon peyi frankofòn, se entèprèt yap oblije pran pou tradui pou yo. Men yap kritike moun ki pa pale franse! Genyen tou se jalouzi kap kraze yo, talan w kòm foutbolè fè w rive kote moun sa yo pap janm rive nan lavi yo. Donk yap eseye desann ou pou yo ka parèt pou pi bon, pou bay lavi yo sans.

u20

Kite m di w tou, Sherly, se pa tout Ayisyen ki pale fransè ki enbesil konsa. Genyen ki konprann pouki pifò Ayisyen pa metrize lang sa a. Lè wap pale ak moun sa yo, yo plis anvi konprann sa wap di pase jan wap di l la. Se Ayisyen ki konplekse, ki esklav franse, ki kwè se yon lang ki fè yo moun, kap veye fot moun fè lè yap pale franse. Map mande w padon pou tout moun sa yo. Pa kite vye pawòl wap li sou rezo sosyal yo dekouraje w. Pran kouraj, kontinye lite, kontinye jwe, kontinye trible, kontinye fè bèl gòl, kontinye leve figi Ayiyi. Epi ale franse lavoum !

Jonel Juste

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

One thought on “Sherly Jeudy, map mande w padon”

  1. Sherly jeudi Chapo pawol mwen koube Devan fos van vitwaw kè istwa pwal pè ekri pou ayiti sispan mare tet yon kout ayibobo pou ou ayisyèn nan kè

    Like

Leave a comment