Gwo Lòbèy Pete nan Lang Franse

pourquoi-l-ecriture-inclusive-fait-elle-autant-polemiqueYon gwo eskandal eklate nan peyi Lafrans sou yon seri chanjman yo vle pote nan lang franse a. Bagay sa a fè gwo aktyalite. Menm laprès entènasyonal ap pale de deblozay sa a. Bagay la tèlman rive lwen, menm Akademi Fransèz oblije foure bouch nan koze a pou di non. 

Kisa l ye menm? Se yon pawòl ki rele “écriture inclusive”. Sa vle di yon ekriti tout moun jwenn, tout moun ladan l. Gen yon ti gwoup feminis ak masimadi an Frans ki sèmante pou fè kadejak sou lang franse a. Nan non swadizan egalite ak jistis sosyal, yo vle fè franse a pi konplike pase jan l ye a. Nan lang franse, pifò mo gen jan maskilen ak jan feminen. Paregzanp, an fransè yo di “un étudiant” pou yon gason epi “une étudiante” pou yon fi. An kreyòl yap di ” yon etidyan” pou fanm kou gason, ann anglè yap di ” a student” yo fini. Bann malfèktè kap fòse moun adopte “ekriti tout moun jwenn nan” vle depi yap ekri yon mo maskilen, fòk yo ajoute pati feminen an ladan l tou pou medam yo pa fache. Konsa, se pou ekri “un·e étudiant·e”, “un·e professeur·e”, “un·e président·e” elatriye.

Anpil moun an Frans rele anmwe dèyè salmanaza sa a, yo di lap fè fransè a vin lèd e pi konplike. Akademi Fransèz di sa ka detwi lang nan. Gen lòt moun ki di: pale yon lang se pa zafè politik ak jistis sosyal. Gen menm fanm ki di se demagoji paske se pa defigire lang nan ki pral fè enjistis sosyal yo sispann vre.

Poukisa deba sa a ta dwe enterese Ayisyen? Paske si yo rive aplike grimas sa a an Frans, yon jou li ka rive sou nou. Yon jou yo ka fòse ti Ayisyen ann Ayiti adopte tentennad sa a. Deba sa a dwe enterese nou paske kreyòl la soti nan franse e jouk jodi a vokabilè kreyòl la toujou ap prete mo nan men franse a.

Nou dwe konn sa kap pase ak lang fransè a yon fason pou lè bann moun fou kap pouse ajannda feminis-masimadik la vin pale koze kremòl “ekriti tout moun jwenn” nan ann Ayiti pou n chase yo tankou satanjerenòs. Lè yap vin di nou pise te gen zo pou n kouri dèyè yo ak yon bwa bale.

Talè moun sa yo pral vle konvenk nou mo yo ka chanje sèks, yo ka chwazi si pou yo feminen oubyen maskilen, epi lage konfizyon nan tèt timoun lekòl. Gen gwo mouvman kap fèt Etazini, an Frans ak lòt peyi ewopeyen pou yo pa itilize pwonon pèsonèl ki fè diferans ant fanm ak gason ankò. An franse gen “il” pou gason ak “elle” pou fanm. Yo vle envante yon nouvo seri pwonon pou moun ki pa idantifye tèt yo ni kòm fanm ni kòm gason (“iel”). An franse yo itilize atik defini tankou “le” pou maskilen, “la” pou feminen. Talè yo pral di w itilize “l apostwòf” devan mo ki chanje sèks, ki pa ni maksilen ni feminen. Se pil fatra sa yo yo pral mete nan gramè pou timoun nou yo aprann.

Donk nap veye zak malonèt kap fèt sou lang franse a, epi nap veye pou yo vin eseye fè kadejak feminis-masimadik, kadejak ideyoliko-politik sou lang kreyòl la tou.

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: