Yon atik Jonel Juste
Gen kèk Ayisyen ki pral rayi m pou atik sa a (kit se nan Dyaspora a kit se ann Ayiti), men chans pou mwen se detwa moun ki pral li l. Donk m sove. Atik sa a rele Lanmou Dyaspora. Pou anpil moun, lanmou sa a pa egziste. Yo di dyaspora se ATM, se branch bwa, se pon ki pèmèt moun Ayiti janbe rive nan peyi etranje tankou Etazini oubyen Kanada.
Se konsepsyon sa a anpil moun genyen lè yon dyaspora, fanm kou gason, desann Ayiti al chache yon mennaj, yon mari oubyen yon madanm. Pou moun sa yo, mo lanmou ak dyaspora pa mache ansanm. Yo toujou panse gen youn nan moun yo kap eksplwate lòt la kanmenm. Se yon lanmou ki chita sou biyè vèt ak espwa rezidans.
Eske sa vle di yon dyaspora pa ka jwenn yon moun Ayiti ki renmen l tout bon? Non, men se eksepsyon moun sa yo ye. Depi yon fi Ayiti ta konnen yon nèg se dyaspora l ye, li plis wè enterè li ka tire nan nèg sa a. li plis wè grennbak, sitou si nèg sa a pa kanpe sou anyen, sèl kalite l genyen se paske lap viv nan yon peyi etranje. Menm si nèg sa a ta gen pye mayas, movèz alèn, men si l pa ta fin twò jènjan oubyen byen kanpe (tout dyapora pa konsa non!), fi a ap reziyen l bouche nen l paske se yon sitiyasyon lap sove. Li wè nèg sa ka retire l nan mizè, fè l repire yon lòt lè, wete l nan blakawout 24/24 ak tout lòt traka peyi dayiti cheri gen pou ofri.
Menm kout baton an pou anpil gason Ayiti. Menm si fi dyaspora a pa fin anfòm, misye ap reziyen l jiskase l rive kay Tonton Sam. Depi l fin gen rezidans, li jete l epi l pran fanm li renmen an. Pwen boul. Malerezman, se konsa pifò rapò fanm ak gason ann Ayiti ak nan Dyaspora a ye.
Nou konn kisa moun Ayiti yo di ? Depi yon dyaspora desann Ayiti al chache se paske l pa ka jwenn moun Etazini. Alaverite, gen anpil bon rezon ki fè yon dyaspora al chache moun Ayiti. M pap esplike twòp men mantalite moun Etazini pa menm ak moun Ayiti, yo pa wè rapò fanm ak gason menm jan, se pa menm kilti a. Gen nèg ki sèmante yo pap janm pran fanm Etazini, sitou si fi a adopte mantalite ameriken an nan zafè relasyon fanm ak gason. Gen fanm dyaspora ki di nèg Etazini se vakabon oubyen yo gen tout kalte mès, donk yo pito al chache Ayiti, elatriye.
Donk li enposib pou moun nan Dyaspora pa al chache moun Ayiti. Men si yon dyaspora vle al chache Ayiti, gen yon seri prekosyon pou w ta pran. Asire w moun sa a vreman enterese nan ou pase nan sa w ka ofri l. Gen kèk fwa, se pa moun nan ki reponn ou, se mizè l kap pale. Si ta gen mwayen pou moun Ayiti pa konnen si w se dyaspora li tap pibon pou ou. Malerezman pifò dyaspora se sa sèlman yo kab ofri, yo koze ak dola ak rezidans. Si se ak lajan w konn koze sèlman, ki rezilta wap tann ?
Si w bezwen yon moun Ayiti, al dèyè yon moun kap travay oubyen ki avanse lekòl, ki pa vreman ap tann yon moun ki pou wete l nan pwoblèm. Antouka, asire w de santiman moun nan avan tout bagay pou pa regrèt apre. Noumenm tou moun Ayiti yo, se pa tout moun ki soti nan Dyaspora pou nou akeyi kòm sovè. Genyen ki kanpe sou blòf, yo pa gen yon dola vre nan fif yo men yo chaje dèt; gen malandren menm ki bezwen fè medam yo fè tout kalte voksal pou lajan, elatriye. Men gen bon dyaspora tou grasadye, menm jan gen bon moun Ayiti.