Lavèy Jounen Mondyal lang Kreyòl la, kat konferansye te rasanble Jedi 27 oktòb nan Ti Ayiti (katye Ayisyen Mayami an) pou pale sou istwa, devlòpman ak enpòtans lang Kreyòl la genyen pou Ayisyen tankou etranje. Youn nan konferansye sa yo te yon jounalis blan ki pale kreyòl tankou rat. Li te di detwa bagay enteresan.
Rowan Moore Gerety, jounalis radyo WLRN nan Mayami, te pale sou enpòtans lang kreyòl la pou yon etranje. Misye te di li bon pou yon jounalis etranje pale Kreyòl ann Ayiti paske “lè w pale ak yon moun nan lang pa l, li pi alèz pou l pale ak ou”.
Rowan Moore Gerety te rakonte tou yon bagay ki te bay reflechi. Jounalis etranje sa, ki ann Ayiti depi 2010, apre tranblemanntè a, di li pat konprann pouki yo pat janm itilize Kreyòl nan gwo reyinyon ki tap fèt pou rekonstwi Ayiti apre katastwòf la. Pifò diskisyon yo se te ann Anglè oubyen Fransè. Jounalis tap mande tèt li kijan yo pral rekonstwi yon peyi si yo pa konn kisa moun nan peyi a vle. Jounalis la di li remake gen yo baryè lengwistik an moun kap dirije Ayiti ak rès popilasyon an. Gerety rakonte gen yon peyizan Ayisyen ki te di l konsa: “Politisyen Ayisyen, tout sa yo renmen se lajan, pouvwa, fanm, bwè tafya epi pale Franse”.
Klike lenk anba a pou ka tande moso koze nan sa jounalis la te di.