Gen yon Pyè nan chak kretyen. Lè m di Pyè m pap pale de wòch, map pale de disip Kris moun plis konnen nan Bib la. Swa pou bon ou move rezon.
Kretyen renmen site Pyè kòm tèt cho oubyen disip ki te pi cho devan bann nan. Yo di se li ki te fè plis betiz. M konn anpil blag yo fè sou Pyè. Men Pyè se youn nan pèsonaj ki pi enteresan nan Bib la. Kit li fè byen, kit li fè mal, li pa kite pèsonn endiferan.
Si wap mache ak Pyè ou pap gen dòmi nan je. Pyè se disip sa a ki gendwa fin di yon bèl bagay kounye a epi ki di yon vye pawòl pi devan (tankou nou tout). Apre Jezi fin felisite Pyè paske li di Jezi se Mesi a, se Pitit Bondye, pi devan Mèt la kouri dèyè Pyè poutèt yon vye pawòl li di. Jezi menm rele Pyè Satan. Lè Jezi tapral mouri, Pyè di li prèt pou l mouri ak Kris, apre sa li di li pa konn Mèt la. Apre sa Pyè pete kriye li repanti. Apre Pyè te fin resevwa Sentespri, li preche yon mesaj ki fè 3000 moun konvèti. Pi devan Apot Pòl rele Pyè ipokrit paske misye pat vle Juif wè l ap manje sou menm tab ak payen.
Donk Pyè te fè anpil erè nan lavi l, nan ministè l, li pa egzanp yon kretyen ki pat janm tonbe, ki pat janm fe fot. Pyè te fè fot, men l te toujou prèt pou l rekonèt fot li epi mande padon. Nou ka bay blag sou Pyè jan n vle men anpil nan nou sanble ak li nan erè nou fè. M swete nou repanti menm jan avè l tou epi kontinye mache ak Mèt la.