
Nan nuit 18 novanm 2025, Ayiti kalifye pou Mondyal FIFA 2026 la. Nan jou ki swiv kalifikasyon istorik sa a, anpil Ayisyen tonbe reve. Genyen ki reve yon lòt Ayiti posib, genyen lòt ki reve Ayiti ka rive lwen nan Mondyal la. Li ka chanpyon. Rèv yo anpil.
Kalifikasyon Ayiti nan yon Mondyal foutbòl FIFA se yon bagay Ayisyen ap tann depi 1974, dènye fwa Ayiti te patisipe nan kokenchenn chanpyona sa a, yon chanpyona kote se zafè fyète k ap regle pou anpil pèp sou latè.
Si gen yon bagay Ayisyen pa genyen kounye a se fyète. Nou pa ka fyè devan move sitiyasyon peyi nou k ap depafini chak jou, devan tout move nouvèl yo. Gen lè n santi n ap toufe, n ap chèche yon ti oksijèn pou n respire. Ebyen kalifikasyon sa a se ti oksijèn sa a.
Apre nouvèl kalifikasyon an, Ayiti ann Ayiti pran lari, yo lage rara a, sitou nan vil pwovens kote gang poko fin trangle lavi. Yo di gen kèk moun nan zòn Dèlma, yon komin Pòtoprens, ki te pran chans pran lari tou. Kalifikasyon an te fè yo vin brav. Amwenske yo te soti ak benediksyon chèf peyi a, chèf gang yo. Nou menm te wè foto youn nan chèf sa yo ki t ap selebre tou.
Yon moun pa ka imajine enpòtans kalifikasyon Ayiti pou Mondyal 2026 k ap fèt Etazini, Kanada ak Meksik. Li tèlman enpòtan, menm moun k ap kraze Ayiti, voye zam bay gang, fè kidnaping, fè kadejak, bloke wout, kraze brize, toufe peyi a, t ap selebre. Yo t ap selebre pou peyi yo fin kraze a.
Kalifikasyon an tonbe yon jou ki istorik tou pou Ayisyen, li rive 18 novanm, jou zansèt nou yo te goumen pou rache endepandans nan men Lafrans. Anvan match kalifikasyon an, te gen moun ki te remèt ekip la nan men Bondye. Gen lòt ki te di se pou n goumen ak menm raj zansèt nou yo te goumen nan batay Vètyè. Enben Bondye te reponn priyè a, epi ekip la te jwe tankou zansèt nou yo ki te goumen.
Ayiti nan Mondyal. Sa fè reve. Sa fè sonje Ayiti ka chanje. Sa fè n reve yon lòt Ayiti. Sa bay espwa. Sa di gen espwa. Tout bagay pa fini. Ayiti pap peri. Sa fè Ayisyen respire yon lòt lè.
Jonel Juste