Pou Schultz Laurent Jr

Madi 28 oktòb, asasen san fwa ni lwa, kriminèl san manman wete lavi, etenn limyè nan je jounalis kiltirèl, ekriven, powèt, pwofesè literati, papa twa pitit Schultz Laurent Jr pandan li te sou wout pou l al travay nan vil Filadèlfi, Etazini. Konfrè li, powèt ak jounalis kiltirèl Jonel Juste, nouvèl sa a te akable, sonje dènye konvèsasyon li te genyen ak Schultz…

NOU TE PALE

(Pou Jean Schultz Laurent Jr.)

Nou te pale,
zanmi m, frè m, konfrè m,
konpatriyòt,
powèt ki t ap pote limyè nan mo
nou te pale
avan vwa w tounen silans

Nou te pale,
men m pa t konnen
se te dènye fwa n t ap pale,
dènye fwa n t ap respire menm lè,
dènye fwa pawòl ou t ap monte sou do vag lanmè avan y al kraze bò rivaj

Nouvèl lanmò w rive sou mwen
tankou yon kout kouto nan nanm,
tout solèy anndan m blese

Nou te pale,
ou te di m
peyi Etazini pa fèt pou ou
ou pa t anvi kite peyi w,
se peyi w ki al kite w
tankou yon timoun yo bliye bò lari,
k ap gade machin ki prale san li
Ou te ret pou kont ou,
ap gade peyi w ki fin ale, ki pati kite tèt li
ap gade tout jwèt mab, foutbòl ti kan,
tout kout ri, tout fanmi ak zanmi,
tout pwezi k ap fin disparèt nan eko k ap febli

Nou te pale zanmi
Ou pa t di m ou t ap pati
Ou pa t konnen w t ap pati
Bouske lavi detwi lavi
Yon maten,
anvan bajou kase nan Filadèlfi,
Pandan w t ap chache yon limyè tou nèf,
fènwa plonje sou ou kou malfini

Ou ale san rèl
san chapo,
san bretèl,
san menm yon babay
pou lari ki t ap tann ou,
ou ale kite n
ak mo kase,
ak souvni bout chandèl

Nou te pale,
ou te di m
se pa isit ou t ap vini,
peyi sa a twò lou pou ou,
ak moun ki pè moun
moun ki rayi moun jis pou bri pye sou twotwa
Se sa asasen an te di nan rapò lapolis,
li pa t vle w pase nan katye l
Tankou egzistans ou te yon menas
Tankou silans ou te fè bri

Asasen an touye w jis paske w te egziste
Tankou powèt Casseus te di
Li pa t konnen w,
li pa t pale avè w
men li wete lavi w
tankou yon fraz yo rache nan yon powèm

Petèt ou te santi sa,
Petèt nanm ou te konn sa a
Pafwa nanm nou santi bagay ki twò lou pou bouch nou
Petèt nanm ou te wè fènwa k ap vale peyi sa a,
peyi mwatye moun fou,
kote lajistis san lanvè ni landrèt
kite asasen mache libelibè

Ou t ap viv ak kè sote tou,
Ou te di m si w te gen chwa
Ou t apral Kanada
Men lavi pa t ba w chwa,
li mete pye l sou kou rèv ou,
li retire w nan limyè

Lè m aprann jan ou mouri pou anyen,
m tande vwa w ankò k ap fè eko
M tande pawòl ou yo,
M te santi angwas ou
M tande m ki t ap di w pran pasyans,
Sa va chanje

Men lavi ban m tò
Kout ponya Scott Hilton demanti m
li koupe pawòl nan bouch mwen
lang mwen ap senyen
Adje zanmi m, frè m, konfrè m,
konpatriyòt,
powèt ki t ap pote limyè

Jonel Juste (31 Oct, Miami)

Unknown's avatar

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a comment