M pa ka rive kwè sa gen 20 an depi Titanic te soti. M gen yon istwa pèsonèl ak fim sa a. M sonje lè l soti an 1997 tout moun te vle gade l. Medam yo menm se pat pale. Se te laraj. M te rankontre yon ti dam ki di m li te gentan gade Titanic 7 fwa!
M sonje m te tèlman vle gade fim sa a, m te pran yon move kou nan men raketè. Yon bann nèg nan lekòl mwen te òganize yon joune kote yo te anonse yo tap pase Titanic. M te peye 35 goud pou m te ka wè fim nan. Se te Ete 1998. Lè m te rive nan joune a, m wè yo tap pase fim nan sou yon televizyon nan yon ti sal toufounen. Men se pat pi gwo desepsyon an sa. Nèg yo te pase yon vèsyon anglè fim nan ak yon soutitraj espanyòl. M pat konprann anyen. M te fè kòlè m kite joune a. M te reziyen m pèdi kòb la.
Eksperyans sa a te kite yon gou anmè nan bouch mwen, men m tapral jwenn jistis mwen kèk tan apre. Yon 24 desanm, pandan m tap mache sou Channmas, m vin tonbe devan Rèks Teyat. M fè yon ti kanpe. Lè m gade fim ki te alafich yo, m te byen sezi wè Titanic te toujou la (se youn nan fim ki fè plis tan alafich nan tout listwa sinema). M pat gen yon goud nan pòch mwen men lide te m di m antre. M antre, pèsonn pa kanpe m, epi m kontinye mache. Lè m rive pou m antre nan sal sinema a menm, olye m pase nan pòt la, m monte ti eskalye ki akote pòt la pito. M fin monte eskalye a epi m vin twouve m nan premye etaj Rèks la. Pat gen pèsonn anlè a, li te pi fènwa pase rès sal sinema a, epi syèj yo te plen pousyè. M te yon ti jan pè, m panse se pèdi m te pèdi, men piske m te wè gwo ekran Rèks la nan figi m donk m te konnen m te toujou nan sal sinema a.
M chita chita m pou kont mwen anlè a epi m gade Titanic byen gade. M sonje m te jwenn fim nan nan mitan, lè bato a tap koule a. Lè sa Jack te minote nan yon ba fè nan kal bato a epi Rose tap eseye pete minòt la ak yon rach. Chak fwa manzè vini pou voye rach la, Jack di “Tann, tann, tann” paske misye te sispèk li te ka pèdi ponyèt li si Rose te manke minòt la. Sa te fè anpil moun ri nan sinema a (men m pat ka ri twò fò mwenmenm piske m pat peye). Moman ki te pi make m nan fim nan se lè mizisyen yo fin leve pou yo ale epi gen youn ladan yo ki te rete. Lè lòt neg yo wè sa, yo tounen vin jwenn misye epi yo kontinye jwe. Fraz m sonje nan fim nan jouk jodi a se lè youn nan zanmi Jack yo di konsa: “Musique pour sombrer, ils ont de la classe en première classe”.
Kanta mwenmenm, lè m fin gade fim nan, kòm se mwatye m te jwenn, m te tann li rekòmanse epi m gade premye mwatye a. M kole de mwatye yo ansanm epi se konsa m te gade Titanic nan sinema. M te konsidere fim sa a m te gade gratis nan Rèks Teyat la kòm kado Nwèl mwen, piske se te yon 24 desanm. M te vin gade Titanic apre nan televizyon men se pat menm eksperyans lan. M pap janm bliye 24 desanm sa a.
Pou fete 20 an Titanic, yo pral remete fim sa a alafich nan sinema Etazini (lakay nou Ayiti tout sinema fèmen malerezman). Fwa sa a Titanic ap an 3D. Sa vle di wap bezwen linèt espesyal pou gade l. Petèt lap gen pi bon son, pi bèl imaj… Fim nan ap soti jodi a, 1e desanm. M anvi tante menm eksperyans m te fè nan Rèks sa gen 20 an an. Si n tande yo arete m, na konn pouki.
Jonel Juste