Machin san chofè yo rive Mayami e pèsonn pa panike. Pwobableman paske zafè machin san chofè a se yon bagay ki deja parèt nòmal nan lespri moun Mayami. Nou te konn wè l nan fim tankou K 2000 epi fenomèn nan deja egziste nan plizyè vil Etazini tankou San Francisco, Los Angeles, Atlanta elatriye.

Gen Ayisyen Etazini ki gentan monte machin san chofè yo deja epi filme tèt yo anndan yon machin k ap kondi tèt li pou kont li. Ayisyen sa yo nan vil kote machin otonòm sa yo deja antre nan abitid ak koutim moun. Mayami li menm te sèlman ap tann tou pa l.
Si gen moun Mayami k ap tann inovasyon sa a ak enpasyans paske yo se tizè teknoloji epi yo renmen wè bèl mèvèy, gen lòt ki sèmante yo p ap janm monte nan machin san chofè. Yo pa fè teknoloji a konfyans.
Gen moun ki monte machin sa yo deja e ki di yo san danje, yo kondi pi byen pase chofè. Gen lòt ki avwe y ap santi l yon jan dwòl pou yo chita nan yon machin pou kont yo epi se pa yo k ap kondi l. Yo di yo pi renmen lè gen yon chofè yo ka pale avè l, pafwa esplike l kote yo prale oubyen pran yon wout ki pi kout.
Antouka, vle pa vle, pare pa pare, teknoloji a la e pa sanble l ap disparèt. Pou kounye a se yon konpayi yo rele Waymo ki premye pral bay sèvis ak machin otonòm yo ke nou ka rele wobotaksi oubyen machin wobo tou. Yo pral pote moun, yo pral fè konpetisyon ak chofè taksi ak Uber oubyen Lyft.
Li pral sanble yon ti jan dwòl vre wi pou wè yon bann machin san chofè ap monte desann nan lari a. W ap santi w tankou nan kèk fim syansfiksyon.
Waymo, ki se pitit Google, ap sikile nan Mayami depi 18 novanm 2025, men se nan kòmansman ane 2026 li pral vrèman kòmanse transpòte moun.
Jonel Juste