
“Tout Syèl la Klere”, yon istwa k ap dewoule nan ane 2050, dekri yon monn revolisyon wobotik ak entèlijans atifisyèl fin transfòme, sa ki gen kòm konsekans gwo chomaj ak plis inegalite ekonomik ak sosyal nan peyi devlope tankou Etazini. Van an vire, Ayiti li menm vin tounen yon peyi opòtinite ki atire imigran. Anpil nan nouvo imigran sa yo se blan k ap chèche lavi nenpòt kote yo ka jwenn ni paske lakay yo pa bon. Aleksann, yon doktè Ayisyen, chita Boston ap tann yon avyon ki pral Ayiti nan mitan yon bann etranje k ap fè vwayaj la ansanm avè l…
Aleksann chita nan saldatant aryopò Boston (Logan International Airport) ap tann dènye avyon pou Ayiti pou jounen an. Aleksann pa pou kont li. Li pami 150 pasaje k ap pran vòl sa a. Pifò ladan yo pa Ayisyen, se blan. Sa fè l sonje peryòd 2010, apre gwo tranblemanntè a, lè avyon ki tapral Ayiti yo te gen plis etranje pase Ayisyen. Anpil nan etranje sa yo te vwayaje Ayiti pou chèche travay apre katastwòf la. Yo tapral jwenn djòb nan ONG ak òganizasyon entènasyonal tankou Lakwa Wouj, UNICEF, Oxfam, elatriye.
Yo rapòte nan epòk sa a, te gen anpil sanzabri ak chomeko ki te desann Ayiti pou al brase lajan èd kominote entènasyonal la te bay pou swadizan “rebati” peyi a apre tranblemanntè a te fini ravaje Pòtoprens kapital la ak kèk lòt zòn sou kote l tankou Kafou, Leyogàn, Jakmèl, Ti Gwav ak Gran Gwav. Youn nan etranje sa yo te menm temwaye sou jan li t ap fè gwo kòb Ayiti san li pa t ap regle anyen nan yon djòb ONG.
Apre tranblemanntè a, anpil lajan te bay pou ede Ayiti vre. Plizyè peyi te bay, gwo kou piti. Tout moun sonje mobilizasyon atis Ayisyen Wyclef Jean te fè nan Hollywood. Li te rasanble anpil sipèsta ki te swa bay lajan oubyen ede l fè levedfon. Yo te menm refè mizik “We Are the World” pou Ayiti. Etazini pou kont li te pwomèt $4 milya dola, san konte pwomès lajan òganizasyon tankou Lakwa Wouj, oubyen Nasyonzini. Men, kòm etranje yo pa t fè gouvènman Ayisyen epòk la konfyans, yo te vle pou se yo ki jere lajan an ankò. Pifò lajan an te pase nan men USAID, ajans devlopman Ameriken ann Ayiti a, òganizasyon entènasyonal, elatriye. Anpil etranje ki t ap vwayaje Ayiti yo se dèyè min lò sa a yo taprale.
Donk, blan an te bay lajan an vre men li te tou voye moun pa l al manje kòb la. Ayisyen menm te jwenn kèk ti kras manje ki te tonbe anba tab. Lajan an te soti nan yon men al nan yon lòt, epi anyen pa t regle pou Ayiti vre. Gen yon jounalis ki rele Jonathan M. Katz. Misye te ekri yon liv ki rele “The Big Truck That Went By: How the World Came to Save Haiti and Left Behind a Disaster” (Gwo kamyon an ki fin pase a: kijan lemonn te vin sove Ayiti epi kite yon katastwòf dèyè) pou montre kijan sa yo te rele lajan “rekonstriksyon” an te gaspiye. Liv sa a bay yon analiz detaye sou lajan èd yo te pwomèt Ayiti apre tranbleman an ak fason yo te souvan mal jere l.
Ayiti te fè plis pase 30 tan ap rakle apre tranbleman an jisksake li te resi pran yon ti souf an 2035. Te gen yon gouvènman ki te monte e ki te retabli sekirite. Sa ki te pèmèt plizyè konpayi etranje al fè biznis Ayiti, bay Ayisyen ki te rete nan peyi enpe travay. Gen dyaspora tou ki te tounen Ayiti pou al devlope zòn pa yo. Genyen ki te bati lekòl, lopital, kreye tout kalte biznis. Leta Ayisyen te ouvri bra l pou resevwa yo, yo te bay yo mwens difikilte pou fè biznis. Gen anpil lajan ki te soti nan dyaspora a pou antre Ayiti. Antreprenè Ayiti yo tou te monte biznis nan plizyè domèn. Yo te relanse agrikili, remanbre pwodiksyon nasyonal la, yo te rebwaze peyi a, rebati zòn ki kraze, fè wout elatriye. Ayiti pat vin yon peyi rich ni devlope nan nivo Etazini men l te plizoumwen vivab epi moun te sispann kouri kite l pou al chache lavi lòt kote. Touris te rekòmanse al Ayiti ankò. Endistri touristik la te repati ak tout boulin. Paske menm lè Ayiti te gen pwoblèm, li te toujou rete yon bèl peyi ki chaje potansyèl.
Aleksann t ap reflechi sou tout bagay sa yo pandan l t ap tann avyon an. An 2010, pandan li t ap vin chèche lavi Etazini, gen yon bann blan ki yo menm t apral chèche lavi Ayiti, peyi Aleksann t ap kouri kite a (e yo te jwenn li!). Iwoni. Men, jodi a, Aleksann t ap monte menm avyon ak blan yo, e yo t ap vwayaje pou menm rezon. Yo tout t apral chèche travay. Fwa sa a, se pa t yon tranblemanntè ki te kraze Ayiti e ki te kreye opòtinite pou malfini je vèt yo. Rezon an se paske, nan lane 2050, te gen travay Ayiti tandiske Etazini travay te monte bwa.
Aleksann Dirandis sonje l te chita devan televizyon lakay li pandan l t ap tcheke telefòn li an menm tan. Se pandan l t ap monte desann sou Facebook li te wè yon videyo kote milyadè Elon Musk t ap prezante yon dènye wobo li te rele Optimus. Se te oktòb 2024. Bagay sa a te fè anpil pale anpil, paske wobo sa a, non sèlman li te sanble ak moun, men li te ka fè yon konvèsasyon nòmal paske yo te mete Entèlijans Atifisyèl ladan l. Anpil moun te sezi pou wè kijan wobo sa a te imite lavi. Li te diferan de wobo anvan yo. Se kòm si wobo sa a te gen nanm, emosyon, volonte, ak entèlijans. Yo te fè anpil moun sonje wobo ki nan fim “I Robot” aktè Will Smith te jwe ladan l lan. Yon konparezon ki te bay kè sote. Wobo yo te deklare lèzom se yon danje pou pwòp tèt yo e se te devwa yo pou kontwole lemonn… pou byen lèzòm. Yo te menm di se wobo ki nan fim nan menm Elon Musk te kopye.

Sa ki pirèd la, Elon Musk te anonse ke wobo sa a ka fè anpil travay moun konn fè. Li te di yo ka tounen konpay nan kay pou ede fè menaj, prepare manje, resevwa moun, oswa travay nan gwo konpayi tankou Amazon, kote yo ka leve bwat, mete pwodui nan bwat, skane pwodui, chaje yo nan kamyon, elatriye. Yo ka fè tout travay moun ka fè ak yon vitès terib, e yo p ap janm fatige ni poze.

Se te yon revolisyon wobotik ki te fè anpil moun kontan, men li te fè anpil lòt moun pè tou. Moun ki te kontan yo se te grannèg ki te ka achte yon wobo pou $30,000 dola pou mete lakay yo, oswa PDG gwo konpayi ki te ka ranplase pifò anplwaye yo ak wobo. Moun ki te pè yo se malere ak malerèz ki t apral pèdi djòb yo paske wobo sa yo te pi “entelijan” e pi rapid pase yo. Pa t gen konpetisyon menm. Anplis, wobo yo pa t bezwen touche pou travay yo, yo pa t bezwen ni konje oswa vakans. Kididonk avantaj bab e moustach pou mèt biznis men tèt chaje pou travayè.
Anpil moun te panse revolisyon wobo yo te vle di yo tapral atake moun, oubyen fè yo tounen esklav yo, men sa pa t janm rive vre. Yo te jis ranplase yo nan prèske tout bagay epi anpil moun te vin initil. Wobo yo pa t ap domine lemonn. Se moun ki te kontwole yo a ki te kache dèyè rido epi rale sou kòd yo metaforikman palan.
Sitiyasyon a te ogmante volim pil deba ki te deja genyen Etazini depi lè konpayi OpenAI te fin lanse yon pwogram ki rele ChatGPT nan mwa novanm 2022, e ki te demokratize konsèp Entèlijans Atifisyèl la. Menm si zafè Entèlijans Atifisyèl te egziste anvan sa, li pa t ko antre nan mès moun konsa, ni li pa t nan men tout moun kòm yon zouti pou travay chak jou. ChatGPT te fè anpil travay moun pa t panse yon pwogram enfòmatik oswa yon algorit te ka fè, sitou travay entelektyèl ki mande pou moun itilize sèvo yo oswa kreyativite yo. Pwogram sa a te menm pase egzamen pou vin avoka, ekri atik jounal, korije tèks, ekri powèm, fè desen, kreye imaj, ekri kòd enfòmatik, elatriye. Se menm Entèlijans Atifisyèl sa a Elon Musk te mete sou wobo li a, Optimus.
Gwo deba te kontinye ap fèt nan sosyete a sou plas wobo yo, sitou nan zafè travay. Anpil moun t ap mande sa k pral pase lè wobo fin ranplase tout travayè. Eske sa p ap lakoz anpil chomaj? Si gen chomaj, ki moun ki pral konsome pwodui, achte kay ak machin? Wobo? Gen moun ki te pwopoze pou yo bay chak moun yon ti kòb pou kenbe nan men yo, yon grapday pou yo ka kontinye achte, konsome, yon fason pou sistèm kapitalis la pa fin tonbe nèt. Wobo pa konsome anyen (sof kouran petèt); se pwodwi yo ka pwodui kontrèman ak moun ki ka pwodwi ak konsome an menm tan.

Soti 2024 rive 2050, swa 26 zan apre Elon Musk te prezante yo a, wobo tankou Optimus yo pa t timoun ankò, yo te vin granmoun, si n ka di sa konsa. Entelijans yo te pi avanse epi yo te sanble ak moun pi plis chak jou. Yo te aprann kopye konpòtman moun, e nan anpil domèn, yo te depase nou.
E sa anpil moun te pè a te rive. 60% nan travay Etazini, se wobo ki te fè yo. Pifò moun te chomeko nan peyi a. Youn nan ra fason pou yon Ameriken te jwenn travay se te swa pran djòb adistans (si yo ka jwenn paske sa te vin difisil anpil) oswa imigre nan lòt peyi kote kèk travay te toujou egziste oubyen wobo potko fin pran yo. Espwa travay anpil moun Etazini te chita sou peyi soudevlope kote te toujou gen travay pou moun fè ak men oubyen sèvo. Baton imigrasyon an te chanje bout. Kounye a, se moun peyi rich ki tap chèche lavi nan peyi ki mwens avanse ekonomikman e ki pa gen twòp wobo ladan yo.
Bagay yo te rèd. Etazini te vin tankou Japon, youn nan premye peyi kote revolisyon wobotik la te eklate. Nan lane 2015, te gen yon “otèl-wobo” ki te louvri Japon. Li te rele “Henn-na Hotel,” e se te premye otèl nan lemonn ki te gen wobo sèlman k ap travay la kòm anplwaye. Otèl sa a te chita nan vil Nagasaki, e li te sèvi ak wobo pou fè travay tankou resevwa moun, pote malèt, bay enfòmasyon, eksetera. “Henn-na Hotel” te vin popilè poutèt sa. Sèl moun yo te anplwaye se te kèk teknisyen oswa moun pou fè kèk travay konplèks wobo yo pa t ka fè. Nan kòmansman ane 2000 yo, otèl sa a te yon egzanp enpòtan sou fason otomatizasyon ak entèlijans atifisyèl t ap antre de pye long nan endistri otelye a.
Nan mitan 21e syèk la, de bagay te pase. Premyeman, pa t gen moun ki t ap travay nan “Henn-na Hotel” ankò. Entelijans Atifisyèl te tèlman avanse ke yo te ka fè travay konplèks yo kounye a. Yo te tèlman vin “entelijan” ke youn te ka repare lòt lè yo tonbe anpàn, donk yo pa t bezwen teknisyen yo ankò. Dezyèm bagay ki te rive: anpil otèl te tounen “Henn-na Hotel.” E se pa t Japon sèlman, men nan plizyè peyi devlope tankou Angletè, Koredisid, Lafrans, Itali, Afrikdisid, Nijerya, Wannda, Kanada, e sandout Etazini. E se pa t otèl selman. Anpil biznis ak enstitisyon te vin wobotize, Optimize, atifisyalize, kit se lekòl, lopital, oubyen gwo konpayi pwodui ak sèvis. Gen konpayi ki te anplwaye mwatye moun mwatye wobo, genyen ki te genyen twaka wobo, genyen se te wobo nèt.
Nan lopital kote Aleksann t ap travay (li se yon doktè), yo te revoke pifò anplwaye, kòmanse sou enfimyè rive sou medsen, administratè, kontab…. Se prèske wobo ki fè tout bagay. Aleksann te pase pami lafoul e se rezon sa a ki fè l t ap tann avyon sa a nan Logan Airport, Boston. Chans pou li, li te gen yon zanmi Ayiti ki di l yo bezwen doktè nan yon lopital yo te fèk ouvè Wanament. Yo te di yo bezwen yon Ayisyen ki gen konpetans ak eksperyans li. E sa ki pi enpòtan, yo pa nan wobo. Donk, Aleksann tapral Ayiti ak anpil espwa.

Aleksann te chita nan avyon an, li t ap gade nan fenèt la. Li te fin fènwa deyò a. Li t ap gade lòt avyon k ap dekole ak sa k ap ateri. Bagay yo te chanje depi lè li te rive Etazini nan ventèn li. Te gen plizyè lòt Ayisyen ki te vin avè l. Yo t ap kite Ayiti, yon peyi ki sanble t ap desann nan yon twou san fon. Yo pa t wè avni. Kounye a, se te diferan. Se Ameriken ki tapral chache lavi Ayiti pa bann e pa pakèt. Yo menm rakonte gen yon bann blan Florid ki te pran bato al Jakmèl. Bagay sa a te fè gwo eskandal. Se te premye fwa Ayisyen te tande blan pran kanntè pou al ateri Ayiti.

Blan sa yo genlè te tèlman pòv yo pa t gen lajan pou achte tikè avyon, oswa yo pa t gen paspò. Gen yon epòk kote anpil Ameriken pa t wè nesesite pou gen paspò, yo pa t wè nesesite pou kite Etazini pou imigre, se lòt moun ki te konn imigre lakay yo. Epitou lè blan te konn ale Ayiti sou lanmè, se te sou gwo bato kwazyè ki t al Labadi.
Pou kontinye li istwa a, klike LA A