
Jou 31 jiyè 2023, yon gwo nouvèl souke laprès ann Ayiti ak aletranje, yon tranblemanntè medyatik. Kèk minit avan 4è, yon vwa byen tris nan Radyo Kiskeya te ranmase kouraj li pou anonse lanmò Lilyàn Pyè-Pòl (Lili). Kolaboratè l yo rapòte li ta pral monte machin ni pou l ale prezante Jounal 4è nan Radyo Kiskeya, epi li kase tèt tounen lakay li, li antre, li pa soti. Yo di se kè l ki ale. Ayiti rele anmwe. Lili se te yon kokennchenn vwa ann Ayiti, yon vwa ki t ap goumen depi nan ane 1980 yo pou libète laprès, libète lapawòl ak pou demokrasi tabli nan peyi Dayiti. Powèm “Vwa Lilyàn” se yon fason pou n ba l yon ochan li byen merite.
Nan Radyo Kiskeya li fè 4è
Papap pada
Papap pada
Papap pada pap pada pap pada pap pada
Chante sa a
Hmm
Vwa solèy, vwa limyè, vwa lespwa, vwa yon fanm djanm, vwa Ayiti
Se vwa Lilyàn
A 4è sou Kiskeya, radyo zile a
Vwa sa sonnen nan nanm mwen
Li travèse anfans ak jenès mwen
Li kariyonen nan lorizon m
Li charye bri vag lanmè ki antoure zile a
Zwazo lanjelis k ap chante byen lwen
Se vwa laprès lib
Vwa libète lapawòl
Vwa yon fanm diktati sanginè te matirize paske l te refize bese vwa l
Paske l t ap di tou wo sa tout moun t ap panse tou ba
Yon vwa ki te retire somèy apranti diktatè
Se vwa Lili (Ti non Sony te ba li)
Se vwa lespwa pou yon demen miyò
Kote timoun ap ka lonje dwèt jouda sou lalin plenn
Sote kòd ak plidetwal
Se yon vwa m p ap janm tande ankò.
Adje Lili
Nan Radio Kiskye li fè 4è
Nan fon kè m li fè minui
Li fè sonm sou zile a
Papap pada
Papap pada
Papap pada pap pada pap pada pap pada
Jonel Juste