Bondye pa gen Pwoblèm ak Bagay

materialBondye pa gen okenn pwoblèm ak bagay. Kit bagay la se yon bout bwa, yon wòch, yon moso fè, yon moso papye, yon bout plastik, yon kay, yon machin, lajan, yon chèz, yon kabann, bout domino, bwat katon, ze kalanderik, elatriye. Bondye pa gen pwoblèm ak bagay, se Bondye ki kreye bagay, li kreye fè, wòch, sab, lò, dyaman, elatriye.

Bondye pa gen pwoblèm ak bagay epi li pa gen pwoblèm pou moun posede bagay, posede anpil bagay, kit li te sab lanmè, wòch, bout bwa, fè, lajan, lò, dyaman, papye twalèt elatriye. Bondye pa rayi moun ki posede bagay. Li pa di se yon move bagay pou moun posede bagay.

Ou konn ak kisa Bondye gen pwoblèm? Bondye gen pwoblèm ak santiman yon seri de bagay mete nan kè moun. Santiman sa yo kapab se ògèy, awogans, meprize moun ak Bondye, idolatri, mete plis konfyans nan bagay pase Bondye.

Se pa yon sekrè pou pèsonn: pifò moun ki rich ak bagay se moun ki awogan, ki gen gwo kòlèt. Kèk fwa moun nan pa menm bezwen rich, li sèlman ka woule yon machin epi gen kèk dola labank, li meprize pwochen l, li santi l pa kanmarad pèsonn, li bay lòt moun ki pa posede menm bagay ak li tout kalte move non, li ba yo tout defo. Gen moun ki menm kwè se lajan l, machin li, smatfòn li ki bondye l. Menm si yon moun ki rich ta pran pòz li pa awogan, se toutan li pa nan pozisyon pou l mete w nan plas ou; lè sa lap mande m “Ou pa konn kiyès mwen ye?”, “Mwen posede sesi ak sela, pa ranse avè m tande”.

Bondye gen pwoblèm lè moun konsidere se tèl bagay ki ba yo valè, ki fè yo moun. Si w konsidere se bèl machin, bèl kay ak lajan ki fè w moun, se joure w joure Bondye, ou desann valè w. Kòm kretyen, fòk nou pran anpil prekosyon nan rapò n gen ak bagay. Fòk nou fèt atansyon pou bagay sa yo pa chanje karaktè nou, ni chanje relasyon nou gen avèk lòt moun, ni chanje jan nou wè lòt moun ki pa gen bagay sa yo. M pa kwè Bondye gen pwoblèm pou n gen dènye mak machin, oubyen smatfòn oubyen tenis ki fèk soti a, men li ka gen pwoblèm ak atitid nou epi vye santiman bagay sa yo foure nan kè nou.

Bondye gen pwoblèm lè moun atache twòp ak bagay yo posede. Jezi te montre sa byen klè lè l te teste jennonm rich la, li te di misye distribye tout byen l bay pòv. Men misye pat kapab paske kè l te atache ak anpil bagay li te posede. Bondye pa gen pwoblèm pou moun gen anpil bagay men l bezwen konnen si w renmen bagay sa yo plis pase l. Li bezwen konnen èske wap prèt pou kite bagay sa yo pou suiv li, èske wap ka itilize bagay sa yo pou sèvi l vre.

Pwoblèm nan se pa yon zafè posede anpil bagay oubyen pa posede twòp bagay, se yon zafè kè. Ki kote kè w ye? Bondye pa gen pwoblèm pou gen bagay nan men w, li sèlman vle konnen si wap kite bagay sa yo chanje kè w, si wap depanse tout èneji w nan chache bagay pase pou chache wayòm Bondye, si bagay sa yo ap tounen bondye w, si wap sèvi ak bagay sa yo pou itil moun ki bò kote w oubyen eske bagay sa yo ap fè w meprize moun. Bondye vle konnen si w ta pèdi tout sa w posede jodi a, èske wap toujou fè l konfyans pou l okipe w, oubyen èske pral chache bagay lòt kote paske finalman se pa Bondye w tap chache vre men se bagay ou te bezwen.

Jonel Juste 

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

One thought on “Bondye pa gen Pwoblèm ak Bagay”

  1. M jwenn atik sa a trè enteresan. Atik sa a te fè m panse sa vèsè a Matye 6:24, 25.
    Li di, “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, se swa li rayi youn e li renmen lòt la, oubyen li atache ak youn e li meprize lòt la, Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan. Se poutèt sa, men sa m di nou: Sispann bay tèt nou pwoblèm pou vi nou pou n ap mande ki sa n ap manje oswa ki sa n ap bwè, oubyen pou kò nou pou n ap mande ki sa n ap met sou nou. Èske moun pa en plis enpòtans pase manje ak rad?” (M ap aprann kreyol!)

    Like

Leave a comment