Lè limyè pa klere nan fènwa, gen anpil chans pou fènwa touye limyè a. Enposib? Mwen gen egzanp pou pwouve nou sa. Se yon legliz masimadi ki Miami Beach.
Premye fwa m te pase Miami Beach an 2011 (epòk vakans), youn nan bagay ki te plis frape lespri m se yon legliz m te wè sou South Beach, nan zòn touris la. Se yon kote moun ap monte desann tout jounen; genyen moun ki konn ap mache nan lari a toutouni apre yon fin benyen sou plaj ki toupre a.
Zòn South Beach sa chanje klèb striptiz, otèl, se yon zòn plezi. Donk m te sezi wè yon legliz nan mitan tout bagay sa yo. Men nan kè m te di se byen kanmèm. Omwens gen yon ti limyè kap klere nan fènwa a. M sonje yon fwa m te menm antre anndan legliz sa a al priye.
Men m te byen sezi avanyè lè m aprann nan nouvèl ke legliz sa a se yon legliz masimadi. Yon legliz kote yo aksepte masimadi san yo pa fè yo konnen Bondye ka chanje yo ni ankouraje yo chanje. Okontrè lè m al gade sou sitwèb legliz sa a m wè yo di Apot Pòl te fè erè lè l te kondane omoseksyalite. Yo di se paske Apot la te gen prejije e li te nan inyorans. M wè legliz la deplwaye drapo lakansyèl li ak “fyète”. Sa grav.
Donk pandan m te panse se limyè ki tap klere nan fènwa, se fènwa ki tap taye banda anndan legliz masimadi a.