KONTINYE KOURI

By Jonel Juste

kontinye kouriAyiti patisipe nan Je Olenpik 2016 la ki fèt nan vil Riyo, peyi Brezil. Nou pa gen okenn atlèt ki rive pran yon meday se vre, men gen youn ladan yo ki ban nou yon leson pou lavi.

Misye rele Julmis Jeffrey. Li tap kouri nan demifinal yon kous 110 mèt obstak. Sa vle di non sèlman misye tap kouri men li te dwe sote plizyè obstak jiskaske l te rive nan bout kous la. Apre yo fin bay koudanvwa kous la, Julmis pati ak tout boulin, men malerezman misye sot tonbe sou premye obstak li te eseye vole a. Julmis pat vole wo ase, pye l pran nan obstak la epi l tonbe plat atè. Avan menm Julmis te leve atè a, lòt atlèt yo te gentan fini kous la. Kisa Julmis fè? Li pa dekouraje, li leve, li kanpe epi li kontinye kouri. Misye vole tèt rès obstak yo epi l fini kous la. Devan kouraj ak detèmininasyon Julmis, piblik la leve kanpe, yo aplodi kouraj gwo gason sa a. Julmis pat genyen kous la men kouraj li fè yon seri gwo medya nan laprès entènasyonal tankou CNN pale de li. Julmis antre nan listwa Je Olenpik yo. Sa se bèl bagay.

Piblik Riyo a te aplodi Julmis menm jan Wochanbo te fè kanpe Batay Vètyè pou aplodi kouraj Kapwa Lamò. Apre yon boulèt kanno te touye chwal epi wete chapo Kapwa, kokennchenn gason sa a te leve kanpe epi li rele « Annavan, Annavan, boulèt se pousyè! ». Julmis te jwenn menm kouraj la pou l kontinye kouri  epi li bann yon bèl leson pou lavi. Men ki leson li ye. Lavi a se yon kous li ye. Ou te mèt sot tonbe depi premye pa w fè a, ou pa dwe ret atè, se pou leve w kontinye kouri. Premye so pa so, premye tonbe pa vle di lavi w fini. Depi w gen lavi ou toujou gen chans pou rekòmanse. Pa janm gen moun ki fini vre. Moun ki fini se moun ki refize rekòmanse, ki rete atè a, ki dekouraje, ki bay vag sou tou bagay. Depi gen lavi gen espwa. Ou te mèt sot tonbe mil fwa, leve kanpe, kontinye kouri. Menm si moun ta di w efò w yo pa vo anyen, se tan w wap pèdi, kontinye kouri. Menm si yo di w fou, ou pa konn sa wap fè, kontinye kouri. Lavi a pa yon kous pou rive anpremye, lavi a se yon kous pou rive sèlman. Depi w rive, se sa ki pi enpòtan. Kontinye kouri jiskaske w rive. Kontinye kouri. Kontinye kouri. KONTINYE KOURI!

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

2 thoughts on “KONTINYE KOURI”

  1. Mesaj La byen pase…ou di nou a klè sekrè tout zòt reyisi Ekri non yo nan pai listwa Mond Lan…monche kenbe Fèm epi kontinye Kouri.

    Like

Leave a comment