Nou bezwen yon Bib Kreyòl modèn

20160704_000101Bib kreyòl la merite yon tradiksyon nan kreyòl modèn. Li bezwen pale yon lang Ayisyen jodi yo pale.

Anpil lang sou latè gen plizyè vèsyon Bib la. Angle a se youn nan lang ki gen plis. Franse a gen plizyè tou. Avanyè m achte Bib franse Segond 21 ki se yon vèsyon modèn Louis Segond.

Kreyòl Ayisyen an te fè yon gwo efò lè li te tradui Bib la an kreyòl pou premye fwa an 1985. Se te yon bèl mèvèy pou lang kreyòl la. Yon moniman lengwistik. Avanyè la a, an 1999, yo te pase men  nan Bib La epi yo mete l nan nouvo òtograf kreyòl la. Bèl bagay.

Sepandan, kreyòl ki nan Bib La pa vrèman yon kreyòl jenerasyon sa a pale. Menm jenerasyon 1985 lan pat pale kreyòl sa a. Lang kreyòl la chanje anpil pandan 31 an. Fòk nou sonje sa.

Met sou sa, anpil moun pa vle itilize Bib La pou divès rezon. Youn ladan yo se gwosè liv la. Kote moun gen kouraj pou pote yon Bibliyotèk? Paske se sa Bib la ye. M sispèk se pil nòt anbapaj yo ki fè Bib La gwo konsa. Donk yo ta ka wete yo pou fè Bib la vin pi pòtab.

Lòt rezon ki fè yo meprize Bib kreyòl la, se paske anpil Ayisyen meprize pwòp lang yo; yo panse yo pale franse. Moun nan panse depi l konprann de bout fraz ak kèk mo franse, se franse l pale. Lè l rive an Frans, yap pale franse devanl li pa konprann yon mo. Ann kite sa.

Donk Bib kreyòla merite yon bon pase men. M konnen sa pa fasil, sa pral mande tan ak lajan, sa pral mande anpil gwo espesyalis Labib ak kreyòl pou travay sou sa. Men sa ta sipoze pran mwens tan pase premye tradiksyon an, nou sèlman bezwen adapte kèk pasaj nan kreyòl jodi a san nou pa modifye mesaj  Bib la. Nou bezwen ekri Bib la nan yon kreyòl ki bay moun jodi yo anvi li l.

 

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

One thought on “Nou bezwen yon Bib Kreyòl modèn”

Leave a comment